{"id":8431,"date":"2026-06-30T17:02:24","date_gmt":"2026-06-30T21:02:24","guid":{"rendered":"https:\/\/clehaiti.org\/?p=8431"},"modified":"2026-06-30T17:04:01","modified_gmt":"2026-06-30T21:04:01","slug":"mwen-se-kapiten-bato-lavni-m","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/","title":{"rendered":"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m"},"content":{"rendered":"<p>Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe nou ak r\u00e8s mond lan&nbsp;; se premye pwofes\u00e8 nou. Li aprann nou pou n pa janm diskite ak yon move tan, men pou n adapte vwal nou ak f\u00f2s van an. Se nan gade gwo chaloup ak batiman yo k ap fann vag pou n bouske lavi sou k\u00f2t Sen Lwi di N\u00f2 ak P\u00f2dp\u00e8, mwen te konprann yon verite ki make m pou tout lavi&nbsp;: lavi yon j\u00e8n se yon gwo vwayaj maritim, kote lavni l se destinasyon an, kote li menm, se s\u00e8l kapit\u00e8n ab\u00f2 a.<\/p>\n\n\n\n<p>Pandan anpil j\u00e8n chita b\u00f2 sab lavi a epi ap gade lavi ap pase, oubyen y ap kite kouran dlo lavi pote yo ale san destinasyon, mwen menm mwen eseye pran yon l\u00f2t chimen. Mwen chwazi kanpe dwat, men m kole ak ba gouv\u00e8nay la, je m fikse sou liy orizon espwa ak p\u00e8severans. Paske nan gwo vwayaj sa k ap bati demen m nan, mwen pa yon senp pasaje kap plenyen. Nan mitan tanp\u00e8t tankou nan b\u00e8l kalmi, deklarasyon m kl\u00e8 kou dlo kokoye&nbsp;: mwen se kapt\u00e8n bato lavni m.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p><em>Yon bato se yon konstriksyon flotan, ki gen plizy\u00e8 dimansyon epi ki la pou vyayaje sou dlo.&nbsp;<\/em><\/p>\n\n\n\n<p>Se menm jan tou, yon antrepren\u00e8, yon j\u00e8n lid\u00e8 se yon bato an konstriksyon ki gen plizy\u00e8 dimansyon ki la pou vwayaje.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Pou yon vwayaj maritim reyisi, ou pa ka jis lage k\u00f2w nan dlo san preparasyon. Yon bon kapt\u00e8n pran tan pou l enspekte bato l, li trase wout li sou kat la, epi li chwazi ak swen kil\u00e8s k ap rale zaviwon av\u00e8l.<\/p>\n\n\n\n<p>Avanw afwonte gwo dlo ble lavi a, f\u00f2k ou konnen sou kisa w kanpe. Bato sa, gen anpil moun ki f\u00e8 konbit pou l f\u00e8t. Depi soti nan moun k ap koupe bwa nan m\u00f2n yo, pou rale yo, pou netwaye yo, pou mete kanpe ki ak esklav bato sa. Se pat nenp\u00f2t bwa ki f\u00e8 bato sa men se bonjan bwa ch\u00e8n, akajou, lorye ak bwa pen.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Bato pa w la, se pa yon konstriksyon an bwa oswa an f\u00e8; se pw\u00f2p t\u00e8t ou, se p\u00e8sonalite w, se potansyalite ou. Kidonk, talan w yo ak sa w aprann nan lek\u00f2l lavi a oswa sou ban lek\u00f2l, se yo ki f\u00e8 planch bato w la solid. Si w pa konnen nan kisa w f\u00f2, oswa si w neglije f\u00f2me t\u00e8t ou, bato a ap pran dlo fasil l\u00e8 yon ti van l\u00e8s n\u00f2de frape nan vwal lavi w.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Lank ak vwal la se val\u00e8 moral k ap gide m, mwen mak\u00f2nen ak k\u00f2d entegrite, ak zoban disiplin epi ak ma resp\u00e8. Lank lan se sa ki kenbe tout j\u00e8n solid pou l pa drive l\u00e8 kouran an move. La fwa se konpa oubyen bous\u00f2l kap ba w direksyon pou w pa monte sou resif lavi. Vwal bato a se en\u00e8ji w k ap pousew ale pi devan menm l\u00e8 w santi w fatige. Epi l\u00e8s nan bato a se nivo responsabilite w nan lavi. Konnen bato w la vle di konnen t\u00e8t ou&nbsp;: limit ak f\u00f2s ou, pou w ka konnen ki kantite chaj li ka pote.<\/p>\n\n\n\n<p>Yon bato ki pa konnen ki kote l prale pa gen okenn van k ap bon pou li. Nan mitan lanm\u00e8, si w pa gen yon plan, ou kondane pou w vire an wonn jiskake pwovizyon ou fini oswa van an pa vante anfav\u00e8 w ank\u00f2. Se sak f\u00e8 li enp\u00f2tan pou w gen yon vizyon pou lavniw kap tankou yon fa kap klere w nan mitan lannwit. Vizyon an se sa ki motivew la, menm l\u00e8w nan mitan lanm\u00e8 ou pa w\u00e8 anwo ni anba men li p\u00e8m\u00e8t ou avanse kanmenm. Ki moun ou vle ye nan 5 lane oswa 10 lane? Ki mak ou vle kite sou t\u00e8 sa a?<\/p>\n\n\n\n<p>Ou pap janm ka soti nan p\u00f2 kotye w ye a pou al ateri nan destinasyon final la yon s\u00e8l kou. F\u00f2k ou gen ti objektif ki kl\u00e8. Chak fwa w reyalize yon ti pwoj\u00e8, se yon p\u00f2 w touche, se yon etap ou franchi sou kat maritim ou an.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>R\u00e8v san plan, se jis lafimen k ap dispar\u00e8t nan briz lavi a.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Kapit\u00e8n pa vle di vwayaje pou kont li. Men, siks\u00e8 vwayaj la depann anpil de moun ou aksepte ab\u00f2 bato a. Espas bato a limite, epi chak pasaje gen yon responsabilite ak enfliyans sou direksyon bato a. N\u2019ap bezwen moun ki gen menm vizyon av\u00e8k nou, moun k \u2018ap pote bon jan en\u00e8ji, k ap konseye n ak verite, epi k ap rale zaviwon an l\u00e8 bra n f\u00e8 nou mal. Sa yo se mant\u00f2 nou yo, bon zanmi nou, ak fanmi k ap sip\u00f2te nou. Yo pa la pou yo gade w k ap koule, yo la pou yo ede w kenbe&nbsp;: Djip, lekout, ak edew vire l\u00e8s anba bato a.<\/p>\n\n\n\n<p>Ou pa ka ap vwayaje ak moun k ap p\u00e8se twou nan bato a, yo s\u00e8lman la pou p\u00e8se <strong>vwa dlo nan fon an<\/strong>. Moun ki toujou ap plenyen, moun ki pa kw\u00e8 nan r\u00e8v ou, oubyen sa kap pote move nouv\u00e8l s\u00e8lman, se gwo chaj initil yo ye. Kapt\u00e8n nan dwe gen kouraj poul kanpe bato a nan pwochen waf la, epi mande moun yo pou yo desann. Se pap mechanste, se mwayen pou w rive kote w prale a pou pw\u00f2p avni w.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Toujou sonje, menm si moun pa kw\u00e8 nan r\u00e8v ou yo, depi w kenbe konfyans, w ap rive kanmenm. Se pou w toujou&nbsp;:&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Navige nan mitan tanp\u00e8t yo&nbsp;;<\/li>\n\n\n\n<li>Kenbe f\u00e8m nan mitan vag ak move tan yo;<\/li>\n\n\n\n<li>Kenbe ba bato a f\u00e8m epi ajiste ak vwal la;<\/li>\n\n\n\n<li>Sonje chak tanp\u00e8t ou trav\u00e8se rann ou pif\u00f2&nbsp;;<\/li>\n\n\n\n<li>Konnen sikatris yo se dipl\u00f2m lavi a ou pou w avanse&nbsp;;<\/li>\n\n\n\n<li>Gen konfyans nan t\u00e8t ou se zouti lespwa w ak p\u00e8severans ou.<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p><\/p>\n\n\n\n<p><strong>Definisyon k\u00e8k mo:<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>Gouv\u00e8nay:<\/strong> Se yon koleksyon m\u00f2so plan byen \u00f2ganize ki nan bouda bato a ki la pou kontwole ak chanje direksyon bato a.&nbsp;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Kalmi&nbsp;<\/strong>: Se l\u00e8 lanm\u00e8 pa souke k\u00f2l menm, van an pa f\u00e8 bri ditou.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Zaviwon<\/strong>&nbsp;: Se bwa long ki itilize pou f\u00e8 avanse yon bato.&nbsp;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Rale&nbsp;<\/strong>: Se yon fason peyizan itilize bwote bwa yo pou pote yo b\u00f2 lanm\u00e8 a<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Bwa ch\u00e8n<\/strong>: Se yon bwa ki itilize pou bare bato a ak manbre li.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Akajou&nbsp;<\/strong>: Se yon bwa ki itilize pou bare ak anbeli bato a.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Lorye<\/strong>&nbsp;: Se yon bwa ki itilize pou bare bato pou l f\u00e8 plis tan sou dlo.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Bwa pen&nbsp;:<\/strong> Se planch ki kapab f\u00e8 plis tan sou dlo.&nbsp;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Vwal:<\/strong> Se yon twal ki f\u00f2m triyang ki la pou kenbe van an epi p\u00e8m\u00e8t bato a avanse.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Gi :<\/strong> Se yon bwa soti nan ma oblikman epi ki itilize pou kenbe vwa la.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Ki :<\/strong> Se bwa ki long nan fon bato a, li mare ak tout manm yo epi konekte ak esklav la tou. Se bwa santral bato a.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Esklav : <\/strong>Se bwa ki bay bato a fom pou l alonje sou devan, li mare ak manm yo ak ak ki a tou<\/li>\n\n\n\n<li><strong>K\u00f2n:<\/strong> Se yon bwa ki itilize pou kenbe vwal nan ma a.&nbsp;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>K\u00f2d: <\/strong>Se eleman ki itilize pou mare ki gi a k\u00f2n nan ak majorite sa ki neses\u00e8 sou bato a.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Ma&nbsp;:<\/strong> Se yon bwa byen poli ki kloure nan fon bato a epi pase monte sou pon bato a ki kapab mezire plizy\u00e8 santim\u00e8t selon gwos\u00e8 bato. Se li ki bwa m\u00e8tr\u00e8s bato a paske tout f\u00f2s bato depan de li.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Zoban&nbsp;<\/strong>: Se yon branch fil f\u00e8 ki soti nan t\u00e8t ma epi ki mare nan b\u00f2 bato a ki p\u00e8m\u00e8t bato a rete f\u00e8m.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Konpa<\/strong>&nbsp;: Se yon zouti ki p\u00e8m\u00e8t kapt\u00e8n bato a jwenn bon jan direksyon kat pwent kadinal yo l\u00e8 yo nan fon lanm\u00e8.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Resif&nbsp;<\/strong>: Se yon moso t\u00e8 nan mitan lanm\u00e8 anvan ou antre at\u00e8 oubyen sou yon waf.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Djip&nbsp;:<\/strong> Se yon moso twal an triyang rektang devan bato a pou p\u00e8m\u00e8t li pran direksyon pi vit.&nbsp;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>L\u00e8s&nbsp;<\/strong>: Se sak sab nan bato a ki p\u00e8m\u00e8t li pa ka chavire.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>L\u00e8s n\u00f2de&nbsp;: <\/strong>Se yon van ki soti nan direksyon n\u00f2 ak l\u00e8s.&nbsp;<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Lekout&nbsp;<\/strong>: Se yon k\u00f2d ki mare nan gi a ak bouda bato pou lache ak kenbe gi a.&nbsp;<\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p><strong><em>Hans Karlency JULES<\/em><\/strong><\/p>","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe&hellip;&nbsp;<a href=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/\" rel=\"bookmark\">Lire la suite &raquo;<span class=\"screen-reader-text\">Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m<\/span><\/a><\/p>","protected":false},"author":11,"featured_media":8432,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"neve_meta_sidebar":"","neve_meta_container":"","neve_meta_enable_content_width":"","neve_meta_content_width":0,"neve_meta_title_alignment":"","neve_meta_author_avatar":"","neve_post_elements_order":"","neve_meta_disable_header":"","neve_meta_disable_footer":"","neve_meta_disable_title":"","footnotes":""},"categories":[96],"tags":[123,102,128,98,120,129,124,126,12,122,125,121],"class_list":["post-8431","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-kout-plim","tag-avni","tag-ayiti","tag-bati-avni","tag-bato","tag-bay-lavi-sans","tag-bay-lavi-w-wout","tag-dirije-lavi-w","tag-lavi","tag-leadership","tag-reyisi-lavi","tag-reyisit","tag-sikse"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.9 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m - CLE HAITI<\/title>\n<meta name=\"description\" content=\"Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe nou ak r\u00e8s mond lan\u00a0; se premye pwofes\u00e8 nou.\" \/>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_FR\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m - CLE HAITI\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe nou ak r\u00e8s mond lan\u00a0; se premye pwofes\u00e8 nou.\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/\" \/>\n<meta property=\"og:site_name\" content=\"CLE HAITI\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2026-06-30T21:02:24+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2026-06-30T21:04:01+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/06\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"1869\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"2560\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/jpeg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Ketsia Sara Despeignes\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Ketsia Sara Despeignes\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"7 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Ketsia Sara Despeignes\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a\"},\"headline\":\"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m\",\"datePublished\":\"2026-06-30T21:02:24+00:00\",\"dateModified\":\"2026-06-30T21:04:01+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/\"},\"wordCount\":1575,\"commentCount\":0,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/06\\\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg\",\"keywords\":[\"avni\",\"ayiti\",\"bati avni\",\"bato\",\"bay lavi sans\",\"bay lavi w wout\",\"dirije lavi w\",\"lavi\",\"leadership\",\"reyisi lavi\",\"reyisit\",\"siks\u00e8\"],\"articleSection\":[\"Kout Plim\"],\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"CommentAction\",\"name\":\"Comment\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#respond\"]}]},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/\",\"name\":\"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m - CLE HAITI\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/06\\\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg\",\"datePublished\":\"2026-06-30T21:02:24+00:00\",\"dateModified\":\"2026-06-30T21:04:01+00:00\",\"description\":\"Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe nou ak r\u00e8s mond lan\u00a0; se premye pwofes\u00e8 nou.\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/06\\\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/06\\\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg\",\"width\":1869,\"height\":2560},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Home\",\"item\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\",\"name\":\"CLE HAITI\",\"description\":\"Building a Social Change Leadership Plan for Haiti\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-FR\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\",\"name\":\"CLE HAITI\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/09\\\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/09\\\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png\",\"width\":7671,\"height\":2476,\"caption\":\"CLE HAITI\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"}},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a\",\"name\":\"Ketsia Sara Despeignes\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1782837340\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1782837340\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1782837340\",\"caption\":\"Ketsia Sara Despeignes\"},\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/fr\\\/author\\\/ketsia-sara-despeignes\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m - CLE HAITI","description":"Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe nou ak r\u00e8s mond lan\u00a0; se premye pwofes\u00e8 nou.","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/","og_locale":"fr_FR","og_type":"article","og_title":"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m - CLE HAITI","og_description":"Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe nou ak r\u00e8s mond lan\u00a0; se premye pwofes\u00e8 nou.","og_url":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/","og_site_name":"CLE HAITI","article_published_time":"2026-06-30T21:02:24+00:00","article_modified_time":"2026-06-30T21:04:01+00:00","og_image":[{"width":1869,"height":2560,"url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/06\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg","type":"image\/jpeg"}],"author":"Ketsia Sara Despeignes","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Ketsia Sara Despeignes","Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e":"7 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/"},"author":{"name":"Ketsia Sara Despeignes","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/person\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a"},"headline":"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m","datePublished":"2026-06-30T21:02:24+00:00","dateModified":"2026-06-30T21:04:01+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/"},"wordCount":1575,"commentCount":0,"publisher":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/06\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg","keywords":["avni","ayiti","bati avni","bato","bay lavi sans","bay lavi w wout","dirije lavi w","lavi","leadership","reyisi lavi","reyisit","siks\u00e8"],"articleSection":["Kout Plim"],"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"CommentAction","name":"Comment","target":["https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#respond"]}]},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/","url":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/","name":"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m - CLE HAITI","isPartOf":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/06\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg","datePublished":"2026-06-30T21:02:24+00:00","dateModified":"2026-06-30T21:04:01+00:00","description":"Depi nan gwo laj lavi m, l\u00e8 lannwit la k\u00f2manse kouvri gwo fal\u00e8z nan n\u00f2 zile Lat\u00f2ti, mwen te toujou aprann koute chante lanm\u00e8 a. Pou nou menm ki f\u00e8t sou m\u00f2so t\u00e8 sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanm\u00e8 a se pa s\u00e8lman yon dlo ki separe nou ak r\u00e8s mond lan\u00a0; se premye pwofes\u00e8 nou.","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#primaryimage","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/06\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/06\/pexels-ihor-lypnytskyi-117692765-16771779-scaled.jpg","width":1869,"height":2560},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/mwen-se-kapiten-bato-lavni-m\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Home","item":"https:\/\/clehaiti.org\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mwen se kapit\u00e8n bato lavni m"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#website","url":"https:\/\/clehaiti.org\/","name":"CLE HAITI","description":"Construire un plan de leadership pour le changement social en Ha\u00efti","publisher":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/clehaiti.org\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-FR"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization","name":"CLE HAITI","url":"https:\/\/clehaiti.org\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2021\/09\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2021\/09\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png","width":7671,"height":2476,"caption":"CLE HAITI"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/logo\/image\/"}},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/person\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a","name":"Ketsia Sara Despeignes","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1782837340","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1782837340","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1782837340","caption":"Ketsia Sara Despeignes"},"url":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/author\/ketsia-sara-despeignes\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8431","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/users\/11"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=8431"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8431\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":8464,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8431\/revisions\/8464"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/media\/8432"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=8431"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=8431"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=8431"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}