{"id":8565,"date":"2026-07-31T15:04:35","date_gmt":"2026-07-31T19:04:35","guid":{"rendered":"https:\/\/clehaiti.org\/?p=8565"},"modified":"2026-07-31T15:04:38","modified_gmt":"2026-07-31T19:04:38","slug":"eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/","title":{"rendered":"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?"},"content":{"rendered":"<p class=\"wp-block-paragraph\">E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?\u201c Sa two\u0300 anbisye\u2026 E\u0300ske se vre\u0300man bon moman an pou w ko\u0300manse? E\u0300ske nou gen mwayen pou sa ? \u201c<br>Souvan nan lavi, nou dwe chwa ant kontinye gade difikilte ki nan mitan nou yo pandan w ap sere te\u0300t ou oswa deside vin konstwi pou bati yon solisyon dirab.<br>Istwa mwen pral rankonte nou la, se istwa 20 je\u0300n fanm ak gason ki te met ansanm malgre resous yo te me\u0300g pou yo te kreye yonn nan pi gwo koperativ k ap bay se\u0300vis nan Po\u0300dpe\u0300 : AMII PROGRE\u0300S<br><\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\">Le\u0300 lide AMII PROGRE\u0300S te je\u0300men nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta kle\u0300 nou tout ap fe\u0300 chak jou : jene\u0300s nou an chaje potansye\u0300l, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfo\u0300me potansye\u0300l sa a an reyisit. Mwen sonje anko\u0300 premye diskisyon yo.<br>Men verite a se, pa janm gen yon &#8220;moman pafe\u0300&#8221; pou w bati yon gwo bagay. Gen se\u0300lman volonte pou w fe\u0300 premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou se\u0300lman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki kle\u0300 pou kominote nou an.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>AMII PROGRE\u0300S pa t fe\u0300t nan gwo abondans, li te fe\u0300t nan yon ijans : ijans pou n pwouve ak disiplin, fo\u0300masyon epi vre\u0300 kilti lide\u0300chip, je\u0300n lakay nou yo ka itilize nenpo\u0300t ki defi pou kreye pwo\u0300p opo\u0300tinite pa yo. Jou sa , nou te pran yon angajman kote chak seme\u0300n nou chak ap pote 150 Goud pou ko\u0300manse ak vizyon sa. Nou pa t tann bagay yo chanje poukont yo, men nou vin moun k ap kreye chanjman an.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Le\u0300 w gen yon gwo vizyon, premye le\u0300nmi w se ou menm menm ak mank mwayen ki pote pere\u0300z pou w pa ko\u0300manse paske tout bagay poko pafe\u0300. Apre\u0300 nou te fin pran desizyon pou n lanse AMII PROGRE\u0300S nan mwa jwen 2024, reyalite a te vin tape n sou zepo\u0300l. Nou pa t gen gwo biwo mode\u0300n, nou pa t gen gwo bidje\u0300, ni gwo materye\u0300l. Men nou te gen yon bagay ki te pi fo\u0300 pase tout sa : yon konviksyon enbranlab ak yon swaf pou n se\u0300vi.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Mwen sonje premye reyinyon yo, premye dokiman nou t ap reponn ak men, ak tout ti detay nou t ap planifye ak anpil swen. Gen moun ki t ap gade nou epi ki t ap mande te\u0300t yo ki kote nou prale ak ti mwayen sa yo. Men sa ki te grave nan lespri nou depi jou sa a : Ou pa bezwen gen tout bagay pou w konmanse ; ou jis bezwen ko\u0300nmanse ak sa w genyen an pou w ka rive kote w vle ale a. Epi sou senk mwa nou ko\u0300manse prete je\u0300n ak lo\u0300t moun nan kominote a lajan pou yo agrandi ti biznis yo, se te vre\u0300man yon ke\u0300 kontan pou nou tout paske poul la ko\u0300manse ap fe\u0300 ze. Le\u0300 w kwe\u0300 nan Bondye ou gen disiplin epi w mete rasyone\u0300l ak rige\u0300 nan sa w ap fe\u0300, ti mwayen ki nan men w yo ka ko\u0300manse miltipliye. Pasyon nou te genyen an te pi gran pase tout obstak materye\u0300l ki te kanpe devan nou. Nou te deside fe\u0300 premye pa a, menm si wout la te pare\u0300t long.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Jodi a, le\u0300 n gade de\u0300ye\u0300, nou konprann ke se pa gwo mwayen yo ki fe\u0300 gwo pwoje\u0300, se pito gwo konviksyon ak konsistans moun ki de\u0300ye\u0300 pwoje\u0300 yo. Nan mwa jiye\u0300 2026 la nou fe\u0300 bilan AMII PROGRE\u0300S e nou genyen plis pase 250 000 G. Ki donk chak moun ki deside bati yon bagay ki gen vale\u0300 konnen sa : wout la pa janm yon granchemen ki swa. Gen yon moman kote ke\u0300 kontan yo ap dispare\u0300t, epi reyalite epre\u0300v yo ap toujou kanpe devan w. Ebyen moman epre\u0300v sa a te rive pou AMII PROGRE\u0300S tou. N ap sonje yon moman kote nou te gen yon gwo pwoje\u0300 pou n te reyalize, men obstak yo te tonbe sou nou an menm tan : pafwa se te pwoble\u0300m lojistik, mank resous nan de\u0300nye minit, oswa difikilte ki te sanble ap di nou : \u00ab Ban nou vag, sa ap two\u0300 difisil. \u00bb Anpil nan moun ki nan pwoje\u0300 te ko\u0300manse ap doute. Nan moman sa yo, dekourajman konn ap pale byen fo\u0300 nan zo\u0300re\u0300y nou. Men se egzakteman nan moman sa yo tou n ap konprann sa ki rele lide\u0300chip ak rezilyans. Pami tout opsyon nou te genyen yo, abandone pa te nan lis la. Nou te chita ansanm, nou te analize pwoble\u0300m yo ave\u0300k rige\u0300, epi nou te che\u0300che solisyon olye n te rete bloke sou difikilte yo. Nou te travay pi di, nou te ajiste strateji nou, epi nou te sipo\u0300te yonn lo\u0300t tankou yon se\u0300l fanmi. Le\u0300 n te fin franchi barye\u0300 sa, nou te vin konprann yon bagay ki enpo\u0300tan anpil : Obstak yo pa la pou yo rete w, yo la pou yo teste si vizyon w lan gen rasin djanm.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Chak defi nou te reyalize epi franchi te vin fe\u0300 AMII PROGRE\u0300S pi fo\u0300, pi byen o\u0300ganize, epi pi djanm nan mas la. Le\u0300 w ap travay ak anpil sakrifis, gen yon moman kote rekonpans lan pa soti nan lajan oswa nan gwo applodisman, li soti nan sa : le\u0300 w we\u0300 lavi yon moun ko\u0300manse chanje. Apre\u0300 tout jefo\u0300, tout lannwit san do\u0300mi, ak tout obstak nou te franchi yo, pi be\u0300l moman nan istwa AMII PROGRE\u0300S se le\u0300 nou te ko\u0300manse we\u0300 premye fwi yo sou teren an. Mwen pap janm bliye je premye je\u0300n sa yo ki te vin swiv fo\u0300masyon ak nou yo. Moun ki te antre ak anpil dout, ki pa t kwe\u0300 nan pwo\u0300p potansye\u0300l yo, oswa ki t ap che\u0300che yon oryentasyon ki kle\u0300 pou lavi yo. Apre\u0300 ke\u0300k seme\u0300n disiplin, travay ak akonpayman : Nou we\u0300 moun sa yo ap pran lapawo\u0300l ak anpil asirans epi yo vin gen pi gwo anbisyon. Nou we\u0300 je\u0300n ki ko\u0300manse monte pwoje\u0300 pa yo, k ap devlope lide\u0300chip yo, epi k ap vin yon sous enspirasyon pou lo\u0300t moun nan kominote a.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Nan moman sa, nou te di te\u0300t nou : \u00ab Wi, tout sakrifis yo te vo lapenn. \u00bb We\u0300 yon je\u0300n ki reprann konfyans nan te\u0300t li, ki konprann li gen kapasite pou l reyisi epi se\u0300vi peyi l ak kominote l, se pi gwo viktwa AMII PROGRE\u0300S. Se sa ki ba nou ene\u0300ji chak jou pou n kontinye avanse san gade de\u0300ye\u0300. Le\u0300 nou gade tout wout nou pase deja depi nan premye lide a rive jodi a, gen yon bagay nou konprann ak anpil imilite : istwa AMII PROGRE\u0300S pa fini, li fenk ko\u0300manse. Sa ki te ko\u0300manse tankou yon senp repons ak yon bezwen nan kominote nou an vin tounen yon gwo mouvman fo\u0300masyon, lide\u0300chip, ak antreprenarya sosyal. Men sa ki pi be\u0300l la, se\u0300ke chak nivo nou franchi ouve\u0300 po\u0300t pou yon nouvo etap ki pi gwo toujou. Paske vizyon nou se ouvri yon mikrofinans pou kominote a. Nou pa kreye AMII PROGRE\u0300S pou n fe\u0300 yon se\u0300l pa epi n rete la. Nou kreye l pou n bati yon platfo\u0300m kote chak je\u0300n ki gen yon vizyon, ki swaf fo\u0300masyon ak rige\u0300, ka jwenn espas pou l grandi, pou l devlope potansye\u0300l li, epi pou l vin yon akte\u0300 chanjman nan sosyete a. Jodi a, mesaj nou an pou ou senp : Lide pwoje\u0300 w la, anbisyon w lan, ak lavni kominote nou an bezwen angajman w.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Nou te fe\u0300 premye pa a, simonte premye gwo difikilte yo epi nou pwouve ke se posib. Kounye a, se moman pa w pou w rantre nan dinamik la. Swit istwa sa a pap ekri san ou. Eksperyans la ap kontinye. E\u0300ske w pare pou w vin pwochen vizyone\u0300 ki ap make diferans lan ? Men sa ou dwe konnen : se pou w koupe mo\u0300n lan an plizye\u0300 ti mach, pe\u0300 pou w ko\u0300manse a soti souvan nan fason w ap gade te\u0300t mo\u0300n lan olye w gade premye me\u0300t ki devan w lan. Le\u0300 pwoje\u0300 a pare\u0300t two\u0300 gwo, lespri a panike epi l bloke w. Franchman tande sa : pa che\u0300che fe\u0300 tout bagay menm jou a. Poze te\u0300t ou yon se\u0300l ti kesyon : \u00ab Ki pi piti aksyon mwen ka fe\u0300 jodi a nan 15 minit pou m pwoche pi pre objektif mwen an ? \u00bb (Kreye yon paj, ekri yon ti paragraf, oswa fe\u0300 yon kout fil). Depi w fe\u0300 premye ti pa sa a, lapere\u0300z la ap diminye epi dinamik la ap monte. Dezye\u0300man, pajanm che\u0300che pe\u0300feksyon pou w ko\u0300manse che\u0300che pwogre\u0300 pito. Youn nan pi gwo rezon ki fe\u0300 moun pe\u0300, se paske yo vle pou tout bagay pafe\u0300 anvan yo lanse yo (yo vle gen pi bon materye\u0300l, pi gwo bidje\u0300, oswa tann bon moman an). Men, le\u0300 w ap tann tout bagay pafe\u0300, se asire w ap asire w ou pap janm ko\u0300manse. Aksepte ko\u0300manse piti epi ranje sa k pou ranje yo pandan w sou wout la. Se sou teren an w ap aprann epi w ap vin pi bon, se pa nan te\u0300t ou ni nan kaye ou. Konprann sa : \u00ab pito w fe\u0300 l epi w ajiste l, pase pou w pa janm fe\u0300 l paske w ap tann li pafe\u0300. \u00bb<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Pou fini, Chanje fason w gade eche\u0300k (Gade l tankou yon leson, pa tankou yon pinisyon. Lapere\u0300z pou w ko\u0300manse a se preske toujou lapere\u0300z pou w pa echwe oswa lapere\u0300z pou sa moun ap di. Nou pe\u0300 pou n pa twompe n, pou n pa pe\u0300di tan, oswa pou yo pa jije n. Fe\u0300 yon ere\u0300 se pa lekontre\u0300 de reyisit ; se yon etap ki obligatwa pou w rive nan reyisit la. Chak ti ere\u0300 ou fe\u0300 nan k\u00f2mansman se yon leson gratis ki rann ou pi fo\u0300, ki ba w plis eksperyans, epi ki fe\u0300 w vin pi kredib. Pa reyalize yon bagay nan premye kou a se pa yon wont, se pre\u0300v ki montre ou te gen kouray pou w te eseye.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Hans Karlency JULES<\/strong><\/p>","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?\u201c Sa two\u0300 anbisye\u2026 E\u0300ske se vre\u0300man bon moman an pou w ko\u0300manse? E\u0300ske nou gen mwayen pou sa ? \u201cSouvan nan lavi, nou dwe chwa ant kontinye gade difikilte ki nan mitan nou yo pandan w ap sere te\u0300t ou oswa deside vin konstwi pou bati&hellip;&nbsp;<a href=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/\" rel=\"bookmark\">Lire la suite &raquo;<span class=\"screen-reader-text\">E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?<\/span><\/a><\/p>","protected":false},"author":11,"featured_media":8566,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"neve_meta_sidebar":"","neve_meta_container":"","neve_meta_enable_content_width":"","neve_meta_content_width":0,"neve_meta_title_alignment":"","neve_meta_author_avatar":"","neve_post_elements_order":"","neve_meta_disable_header":"","neve_meta_disable_footer":"","neve_meta_disable_title":"","footnotes":""},"categories":[96],"tags":[102,128,10,14,133,130,109,132,12,131],"class_list":["post-8565","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-kout-plim","tag-ayiti","tag-bati-avni","tag-clehaiti","tag-haiti","tag-jen","tag-konbit","tag-kredi","tag-lajenes","tag-leadership","tag-tet-ansanm"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v28.2 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ? - CLE HAITI<\/title>\n<meta name=\"description\" content=\"Le\u0300 lide AMII PROGRE\u0300S te je\u0300men nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta kle\u0300 nou tout ap fe\u0300 chak jou : jene\u0300s nou an chaje potansye\u0300l, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfo\u0300me potansye\u0300l sa a an reyisit. Mwen sonje anko\u0300 premye diskisyon yo.Men verite a se, pa janm gen yon &quot;moman pafe\u0300&quot; pou w bati yon gwo bagay. Gen se\u0300lman volonte pou w fe\u0300 premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou se\u0300lman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki kle\u0300 pou kominote nou an.\" \/>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_FR\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ? - CLE HAITI\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Le\u0300 lide AMII PROGRE\u0300S te je\u0300men nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta kle\u0300 nou tout ap fe\u0300 chak jou : jene\u0300s nou an chaje potansye\u0300l, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfo\u0300me potansye\u0300l sa a an reyisit. Mwen sonje anko\u0300 premye diskisyon yo.Men verite a se, pa janm gen yon &quot;moman pafe\u0300&quot; pou w bati yon gwo bagay. Gen se\u0300lman volonte pou w fe\u0300 premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou se\u0300lman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki kle\u0300 pou kominote nou an.\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/\" \/>\n<meta property=\"og:site_name\" content=\"CLE HAITI\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2026-07-31T19:04:35+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2026-07-31T19:04:38+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"2560\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"1707\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/jpeg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Ketsia Sara Despeignes\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Ketsia Sara Despeignes\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"8 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Ketsia Sara Despeignes\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a\"},\"headline\":\"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?\",\"datePublished\":\"2026-07-31T19:04:35+00:00\",\"dateModified\":\"2026-07-31T19:04:38+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/\"},\"wordCount\":1820,\"commentCount\":0,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg\",\"keywords\":[\"ayiti\",\"bati avni\",\"clehaiti\",\"Haiti\",\"j\u00e8n\",\"konbit\",\"kredi\",\"lajen\u00e8s\",\"leadership\",\"t\u00e8t ansanm\"],\"articleSection\":[\"Kout Plim\"],\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"CommentAction\",\"name\":\"Comment\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#respond\"]}]},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/\",\"name\":\"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ? - CLE HAITI\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg\",\"datePublished\":\"2026-07-31T19:04:35+00:00\",\"dateModified\":\"2026-07-31T19:04:38+00:00\",\"description\":\"Le\u0300 lide AMII PROGRE\u0300S te je\u0300men nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta kle\u0300 nou tout ap fe\u0300 chak jou : jene\u0300s nou an chaje potansye\u0300l, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfo\u0300me potansye\u0300l sa a an reyisit. Mwen sonje anko\u0300 premye diskisyon yo.Men verite a se, pa janm gen yon \\\"moman pafe\u0300\\\" pou w bati yon gwo bagay. Gen se\u0300lman volonte pou w fe\u0300 premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou se\u0300lman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki kle\u0300 pou kominote nou an.\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg\",\"width\":2560,\"height\":1707},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Home\",\"item\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\",\"name\":\"CLE HAITI\",\"description\":\"Building a Social Change Leadership Plan for Haiti\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-FR\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\",\"name\":\"CLE HAITI\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/09\\\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/09\\\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png\",\"width\":7671,\"height\":2476,\"caption\":\"CLE HAITI\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"}},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a\",\"name\":\"Ketsia Sara Despeignes\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772\",\"caption\":\"Ketsia Sara Despeignes\"},\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/fr\\\/author\\\/ketsia-sara-despeignes\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ? - CLE HAITI","description":"Le\u0300 lide AMII PROGRE\u0300S te je\u0300men nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta kle\u0300 nou tout ap fe\u0300 chak jou : jene\u0300s nou an chaje potansye\u0300l, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfo\u0300me potansye\u0300l sa a an reyisit. Mwen sonje anko\u0300 premye diskisyon yo.Men verite a se, pa janm gen yon \"moman pafe\u0300\" pou w bati yon gwo bagay. Gen se\u0300lman volonte pou w fe\u0300 premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou se\u0300lman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki kle\u0300 pou kominote nou an.","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/","og_locale":"fr_FR","og_type":"article","og_title":"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ? - CLE HAITI","og_description":"Le\u0300 lide AMII PROGRE\u0300S te je\u0300men nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta kle\u0300 nou tout ap fe\u0300 chak jou : jene\u0300s nou an chaje potansye\u0300l, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfo\u0300me potansye\u0300l sa a an reyisit. Mwen sonje anko\u0300 premye diskisyon yo.Men verite a se, pa janm gen yon \"moman pafe\u0300\" pou w bati yon gwo bagay. Gen se\u0300lman volonte pou w fe\u0300 premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou se\u0300lman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki kle\u0300 pou kominote nou an.","og_url":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/","og_site_name":"CLE HAITI","article_published_time":"2026-07-31T19:04:35+00:00","article_modified_time":"2026-07-31T19:04:38+00:00","og_image":[{"width":2560,"height":1707,"url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg","type":"image\/jpeg"}],"author":"Ketsia Sara Despeignes","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Ketsia Sara Despeignes","Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e":"8 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/"},"author":{"name":"Ketsia Sara Despeignes","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/person\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a"},"headline":"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?","datePublished":"2026-07-31T19:04:35+00:00","dateModified":"2026-07-31T19:04:38+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/"},"wordCount":1820,"commentCount":0,"publisher":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg","keywords":["ayiti","bati avni","clehaiti","Haiti","j\u00e8n","konbit","kredi","lajen\u00e8s","leadership","t\u00e8t ansanm"],"articleSection":["Kout Plim"],"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"CommentAction","name":"Comment","target":["https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#respond"]}]},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/","url":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/","name":"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ? - CLE HAITI","isPartOf":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg","datePublished":"2026-07-31T19:04:35+00:00","dateModified":"2026-07-31T19:04:38+00:00","description":"Le\u0300 lide AMII PROGRE\u0300S te je\u0300men nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta kle\u0300 nou tout ap fe\u0300 chak jou : jene\u0300s nou an chaje potansye\u0300l, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfo\u0300me potansye\u0300l sa a an reyisit. Mwen sonje anko\u0300 premye diskisyon yo.Men verite a se, pa janm gen yon \"moman pafe\u0300\" pou w bati yon gwo bagay. Gen se\u0300lman volonte pou w fe\u0300 premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou se\u0300lman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki kle\u0300 pou kominote nou an.","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#primaryimage","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/pexels-gabby-k-9487229-scaled.jpg","width":2560,"height":1707},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/eske-gen-yon-bon-moman-pou-ou-komanse\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Home","item":"https:\/\/clehaiti.org\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"E\u0300ske gen yon bon moman pou ou ko\u0300manse ?"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#website","url":"https:\/\/clehaiti.org\/","name":"CLE HAITI","description":"Construire un plan de leadership pour le changement social en Ha\u00efti","publisher":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/clehaiti.org\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-FR"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization","name":"CLE HAITI","url":"https:\/\/clehaiti.org\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2021\/09\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2021\/09\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png","width":7671,"height":2476,"caption":"CLE HAITI"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/logo\/image\/"}},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/person\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a","name":"Ketsia Sara Despeignes","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772","caption":"Ketsia Sara Despeignes"},"url":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/author\/ketsia-sara-despeignes\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8565","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/users\/11"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=8565"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8565\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":8567,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8565\/revisions\/8567"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/media\/8566"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=8565"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=8565"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=8565"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}