{"id":8574,"date":"2026-07-31T15:53:22","date_gmt":"2026-07-31T19:53:22","guid":{"rendered":"https:\/\/clehaiti.org\/?p=8574"},"modified":"2026-07-31T15:58:45","modified_gmt":"2026-07-31T19:58:45","slug":"aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/","title":{"rendered":"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la"},"content":{"rendered":"<p class=\"wp-block-paragraph\">Istwa jodi a, se istwa pe\u0300severans, te\u0300t ansanm ak volonte pou enspire chanjman. Istwa sila chita sou plis pase 15 lane obse\u0300vasyon, eksperimantasyon, refleksyon ak travay kolektif pou che\u0300che konprann kijan kapasite moun ak kominote yo kapab vin yon fo\u0300s pou devlopman.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te ko\u0300manse sou non Konbit Sole\u0300y Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obse\u0300ve sa k ap pase sou teren an, teste plizye\u0300 apwo\u0300ch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lo\u0300t lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfo\u0300me yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Dapre Gladimy Jean, Ko\u0300donate\u0300 Kominikasyon Gwoup Konbit la, demach sa sanble anpil ak meto\u0300d syantifik la: obse\u0300ve, analize, teste, amelyore epi verifye e li te mande pasyans pou konprann kisa ki mache, kisa eksperyans yo kapab anseye anvan yo te che\u0300che mete yo sou papye.<br>Se konsa Gid Konbit la te pran fo\u0300m.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Men, rakonte istwa sa, se rakonte istwa moun sa yo tou, ki te mete men pou konstwi yon zouti ki kapab se\u0300vi tout peyi a. Se plis pase 300 lide\u0300 kominote\u0300, etidyan, pwofesyone\u0300l, che\u0300che\u0300 ak o\u0300ganizasyon, nan diferan sekte\u0300 ki te mete men nan pote refleksyon, o\u0300ganize epi patisipe nan atelye, rankont ak te\u0300s. Se yon rankont eksperyans ak lasyans.<br>Antanke konbite\u0300, dimansyon sa enpo\u0300tan anpil Gladimy:<br><em>\u00ab Gid Konbit la se rezilta rankont ant saje\u0300s ki soti nan kilti nou ak meto\u0300d syantifik ki pe\u0300me\u0300t nou o\u0300ganize epi valide eksperyans sa yo. Pou nou, kilti ak lasyans pa opoze; yo konplete youn lo\u0300t. \u00bb<\/em><\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Pale de demach sa, se pale de te\u0300tansanm ak kolektif. Nou pa ka pale de mo sa yo san nou pa panse ak Konbit. Si Gwoup Konbit la chwazi retounen sou eritaj sa epi mete limye\u0300 sou li, se pa se\u0300lman pou kenbe tradisyon an vivan. Objektif la ale pi lwen ke sa. Se te gade kijan prensip ki de\u0300ye\u0300 li yo kapab ede reponn ak defi sosyete a ap rankontre jodi a. Paske, pou yo, Konbit ale pi lwen pase yon eritaj istorik oswa yon pratik agriko\u0300l. Li se yon filozofi sosyal ki toujou gen anpil enpo\u0300tans pou Ayiti ak pou mond lan.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Nan sans sa, Gid Konbit la vin se\u0300vi ko\u0300m yon pon ki pran yon eritaj kiltire\u0300l epi li o\u0300ganize saje\u0300s ki ladan l lan nan yon metodoloji ki kapab se\u0300vi nan plizye\u0300 dome\u0300n: edikasyon, antreprenarya, sante, agrikilti, anviwo\u0300nman, lide\u0300chip ak lo\u0300t sekte\u0300.<br>Gid la prezante istwa ak evolisyon Konbit la, 5 vale\u0300 yo, 12 prensip yo, ansanm ak yon pwosesis devlopman an 10 etap ki kapab ede yon gwoup oswa yon kominote idantifye pwoble\u0300m li yo, mobilize resous li yo epi mete solisyon an aplikasyon. Li gen ladan l tou zouti animasyon, teknik fasilitasyon ak kesyon refleksyon ki pe\u0300me\u0300t chak moun osinon gwoup moun adapte metodoloji a selon reyalite pa yo.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Yonn nan leson istwa sila, se te\u0300tansam. Zouti sila li kreye pou klewonnen devlopman ko\u0300manse ak moun, vale\u0300 epi lide. Li pa ko\u0300manse ak finansman. Paske, le\u0300 yon kominote pa rive gen konfyans pou kolabore oswa pran desizyon ansanm, menm pi gwo pwoje\u0300 yo ka pa bay rezilta yo espere yo. Se pou sa, li mete aksan sou relasyon ant moun. Pou sa, Gid la vle aprann chak moun we\u0300 lo\u0300t moun ko\u0300m patne\u0300 olye de konkiran :<br><em>\u00ab Nou ta renmen chak moun sonje devlopman se yon responsabilite kolektif. Konbit anseye nou okenn moun pa gen tout repons yo, men chak moun gen yon kontribisyon pou pote. Le\u0300 nou mete konesans, tan, eksperyans ak resous nou ansanm nan yon klima respe\u0300 ak konfyans, nou rive fe\u0300 bagay okenn moun pa t ap kapab reyalize pou kont li. \u00bb<\/em>, se konsa Gladimy rezime lide sa.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Nan yon peyi kote anpil pwoje\u0300 devlopman pa toujou rive kreye chanjman dirab, kesyon patisipasyon kominote yo gen anpil enpo\u0300tans. Le\u0300 moun yo pa patisipe ase nan refleksyon ak desizyon ki konse\u0300ne avni yo, li difisil pou pale de chanjman. Nan ka sa, li plis posib pou chak moun ap tann yon ewo san konnen yo gen pouvwa transfo\u0300masyon an nan men yo deja.<br>Istwa a pa fini la. Okontre\u0300, fen epizo\u0300d sa se ko\u0300mansman yon lo\u0300t etap pou Gwoup Konbit. Pwochen defi a se fe\u0300 metodoloji a viv : fo\u0300me fasilitate\u0300, akonpanye o\u0300ganizasyon, leko\u0300l, inive\u0300site, antrepriz, legliz ak enstitisyon piblik, pandan y ap kontinye dokimante eksperyans yo epi amelyore zouti a.<br>Paske, Gladimy raple nou:<br><em>\u00ab Yon liv pa chanje yon sosyete; se moun ki aplike lide ki ladan l yo ki fe\u0300 diferans lan. \u00bb<\/em><br>L\u00e8 yon leko\u0300l aprann ele\u0300v li yo enplike yo plis, si yon kominote rive rezoud yon pwoble\u0300m ansanm, l\u00e8 plis je\u0300n deside angaje yo nan lavi kominote yo, se la Gid la ap ko\u0300manse pran tout sans li.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><br>Gid konbit la deja anseye nou anpil bagay. Ko\u0300manse nan eritaj la k ap aprann nou kolabore depi plizye\u0300 jenerasyon, pase pran istwa kreyasyon li, rive nan distribisyon li ak vizyon ki kache nan chak grenn paj. Istwa vwayaj 15 lane sila ap pi be\u0300l toujou si nou rive mete ansanm sa nou aprann pou imajine yon lo\u0300t avni.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"wp-block-paragraph\"><strong>Ketsia Sara DESPEIGNES<\/strong><\/p>","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Istwa jodi a, se istwa pe\u0300severans, te\u0300t ansanm ak volonte pou enspire chanjman. Istwa sila chita sou plis pase 15 lane obse\u0300vasyon, eksperimantasyon, refleksyon ak travay kolektif pou che\u0300che konprann kijan kapasite moun ak kominote yo kapab vin yon fo\u0300s pou devlopman. Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan&hellip;&nbsp;<a href=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/\" rel=\"bookmark\">Lire la suite &raquo;<span class=\"screen-reader-text\">Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la<\/span><\/a><\/p>","protected":false},"author":11,"featured_media":8575,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"neve_meta_sidebar":"","neve_meta_container":"","neve_meta_enable_content_width":"","neve_meta_content_width":0,"neve_meta_title_alignment":"","neve_meta_author_avatar":"","neve_post_elements_order":"","neve_meta_disable_header":"","neve_meta_disable_footer":"","neve_meta_disable_title":"","footnotes":""},"categories":[95],"tags":[106,102,128,139,10,14,133,134,130,109,12,140,138],"class_list":["post-8574","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-kout-je","tag-antreprenarya","tag-ayiti","tag-bati-avni","tag-chanjman","tag-clehaiti","tag-haiti","tag-jen","tag-kolaborasyon","tag-konbit","tag-kredi","tag-leadership","tag-sitwayen","tag-sosyete"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v28.2 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la - CLE HAITI<\/title>\n<meta name=\"description\" content=\"Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te ko\u0300manse sou non Konbit Sole\u0300y Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obse\u0300ve sa k ap pase sou teren an, teste plizye\u0300 apwo\u0300ch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lo\u0300t lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfo\u0300me yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.\" \/>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_FR\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la - CLE HAITI\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te ko\u0300manse sou non Konbit Sole\u0300y Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obse\u0300ve sa k ap pase sou teren an, teste plizye\u0300 apwo\u0300ch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lo\u0300t lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfo\u0300me yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/\" \/>\n<meta property=\"og:site_name\" content=\"CLE HAITI\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2026-07-31T19:53:22+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2026-07-31T19:58:45+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"1074\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"1280\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/jpeg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Ketsia Sara Despeignes\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Ketsia Sara Despeignes\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"5 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Ketsia Sara Despeignes\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a\"},\"headline\":\"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la\",\"datePublished\":\"2026-07-31T19:53:22+00:00\",\"dateModified\":\"2026-07-31T19:58:45+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/\"},\"wordCount\":952,\"commentCount\":0,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg\",\"keywords\":[\"antreprenarya\",\"ayiti\",\"bati avni\",\"chanjman\",\"clehaiti\",\"Haiti\",\"j\u00e8n\",\"kolaborasyon\",\"konbit\",\"kredi\",\"leadership\",\"sitwayen\",\"sosyete\"],\"articleSection\":[\"Kout Je\"],\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"CommentAction\",\"name\":\"Comment\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#respond\"]}]},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/\",\"name\":\"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la - CLE HAITI\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg\",\"datePublished\":\"2026-07-31T19:53:22+00:00\",\"dateModified\":\"2026-07-31T19:58:45+00:00\",\"description\":\"Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te ko\u0300manse sou non Konbit Sole\u0300y Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obse\u0300ve sa k ap pase sou teren an, teste plizye\u0300 apwo\u0300ch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lo\u0300t lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfo\u0300me yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2026\\\/07\\\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg\",\"width\":1074,\"height\":1280},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Home\",\"item\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\",\"name\":\"CLE HAITI\",\"description\":\"Building a Social Change Leadership Plan for Haiti\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-FR\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#organization\",\"name\":\"CLE HAITI\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/09\\\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/09\\\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png\",\"width\":7671,\"height\":2476,\"caption\":\"CLE HAITI\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"}},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a\",\"name\":\"Ketsia Sara Despeignes\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-FR\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772\",\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/wp-content\\\/litespeed\\\/avatar\\\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772\",\"caption\":\"Ketsia Sara Despeignes\"},\"url\":\"https:\\\/\\\/clehaiti.org\\\/fr\\\/author\\\/ketsia-sara-despeignes\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la - CLE HAITI","description":"Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te ko\u0300manse sou non Konbit Sole\u0300y Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obse\u0300ve sa k ap pase sou teren an, teste plizye\u0300 apwo\u0300ch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lo\u0300t lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfo\u0300me yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/","og_locale":"fr_FR","og_type":"article","og_title":"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la - CLE HAITI","og_description":"Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te ko\u0300manse sou non Konbit Sole\u0300y Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obse\u0300ve sa k ap pase sou teren an, teste plizye\u0300 apwo\u0300ch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lo\u0300t lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfo\u0300me yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.","og_url":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/","og_site_name":"CLE HAITI","article_published_time":"2026-07-31T19:53:22+00:00","article_modified_time":"2026-07-31T19:58:45+00:00","og_image":[{"width":1074,"height":1280,"url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg","type":"image\/jpeg"}],"author":"Ketsia Sara Despeignes","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Ketsia Sara Despeignes","Dur\u00e9e de lecture estim\u00e9e":"5 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/"},"author":{"name":"Ketsia Sara Despeignes","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/person\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a"},"headline":"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la","datePublished":"2026-07-31T19:53:22+00:00","dateModified":"2026-07-31T19:58:45+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/"},"wordCount":952,"commentCount":0,"publisher":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg","keywords":["antreprenarya","ayiti","bati avni","chanjman","clehaiti","Haiti","j\u00e8n","kolaborasyon","konbit","kredi","leadership","sitwayen","sosyete"],"articleSection":["Kout Je"],"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"CommentAction","name":"Comment","target":["https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#respond"]}]},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/","url":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/","name":"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la - CLE HAITI","isPartOf":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg","datePublished":"2026-07-31T19:53:22+00:00","dateModified":"2026-07-31T19:58:45+00:00","description":"Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te ko\u0300manse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te ko\u0300manse sou non Konbit Sole\u0300y Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obse\u0300ve sa k ap pase sou teren an, teste plizye\u0300 apwo\u0300ch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lo\u0300t lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfo\u0300me yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-FR","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#primaryimage","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2026\/07\/760984742_1025966396732885_6755657208612850358_n.jpg","width":1074,"height":1280},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/aprann-teste-konstwi-istwa-gid-konbit-la\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Home","item":"https:\/\/clehaiti.org\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#website","url":"https:\/\/clehaiti.org\/","name":"CLE HAITI","description":"Construire un plan de leadership pour le changement social en Ha\u00efti","publisher":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/clehaiti.org\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-FR"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#organization","name":"CLE HAITI","url":"https:\/\/clehaiti.org\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2021\/09\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/uploads\/2021\/09\/cropped-cle_logo_combined_official-1.png","width":7671,"height":2476,"caption":"CLE HAITI"},"image":{"@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/logo\/image\/"}},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/#\/schema\/person\/94ebf7721ed6da1793a3e4ecdb47b24a","name":"Ketsia Sara Despeignes","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-FR","@id":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772","url":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772","contentUrl":"https:\/\/clehaiti.org\/wp-content\/litespeed\/avatar\/680b4126ad098f7327639bec71e4123a.jpg?ver=1785863772","caption":"Ketsia Sara Despeignes"},"url":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/author\/ketsia-sara-despeignes\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8574","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/users\/11"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=8574"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8574\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":8580,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/8574\/revisions\/8580"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/media\/8575"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=8574"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=8574"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/clehaiti.org\/fr\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=8574"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}