Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » JIJ 2026 : yon okazyon pou selebre, konekte epi prepare lavni

JIJ 2026 : yon okazyon pou selebre, konekte epi prepare lavni

Mwa dawout rive. Mond lan ap selebre Jounen Entènasyonal Jèn yo (JIJ). Se yon moman ki gen yon valè espesyal pou CLE. Paske pou yon òganizasyon ki travay chak jou avèk jèn yo, epi ki kwè nan kapasite yo pou pote chanjman, JIJ merite selebre nan tout 10 depatman peyi a.

Depi apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, Centre Haitien du Leadership et de l’Excellence (CLE) ap travay pou kominote yo kapab panse chanjman. Jèn yo rete kòm gwo pilye travay sila. Menmsi li pwofite okazyon jounen sa pou mete plis nan limyè sou jèn yo, CLE selebre yo chak jou ki pase. Nan ofri fòmasyon nan lidèchip, antreprenarya sosyal ak devlopman kominotè. CLE kreye espas kote jèn yo kapab aprann, devlope kapasite yo, jwenn sipò epi idantifye nouvo opòtinite pou yo avanse. Inisyativ tankou Chanpyon Lakay se egzanp fason CLE chwazi envesti nan potansyèl jèn yo epi akonpaye yo.
Yonn nan pi gwo fòs CLE se Rezo li a. Rezo CLE a se yon espas kote jèn lidè ak lòt aktè angaje kapab konekte, pataje eksperyans, aprann yonn nan men lòt epi devlope relasyon patenarya ki kapab dire. Enpòtans rezo sila a parèt a klè jounen jodi a, pandan anpil jèn ap chèche direksyon ak opòtinite. Li pèmèt yo pa rete poukont yo, men pito jwenn lòt moun ki ka enspire yo, akonpanye yo epi ankouraje yo kontinye vanse. Rezo CLE rasanble plis pase 5000 jèn nan 10 depatman peyi a, motive yo, kreye espas refleksyon sou reyalite yo, pwopoze lòt altènativ epi ede yo idantifye opòtinite ki kapab kontribye nan devlopman pèsonèl ak pwofesyonèl yo.
Nan sans sa : JIJ se zafè Rezo CLE. Pou make jounen sa, mobilizasyon fèt pou plizyè aktivite ane sa:

JIJ nan Lwès

Pou make Jounen Entènasyonal Jèn yo nan depatman Lwès la, CLE kontan mete tèt li ansanm ak Banj pou kolabore sou yon menm vizyon : kreye yon moman ki kapab rasanble jèn ak gwoupman ki ap travay ak yoyon fason louvri pòt sou nouvo opòtinite. .
JIJ se yon okazyon pou reflechi sou fason nou kapab kontinye soutni jèn yo epi kreye eksperyans ki ka kite yon mak pozitif sou yo. Se nan lespri sa de òganizasyon yo ap travay ansanm pou prepare yon aktivite espesyal ki kapab pote enpak ki dire epi rete nan memwa moun ki patisipe yo.
Nan Lwès la, preparasyon yo deja kòmanse. CLE ak Banj deja tanmen mete eksperyans, resous ak vizyon yo ansanm pou kreye yon moman rankont, koneksyon, aprantisaj, enspirasyon ak refleksyon

Fòmasyon sou ABCD nan depatman yo

Nan kad mobilizasyon sa, jèn nan depatman Sidès, Sant, Nòdèst, Nòdwès, Nò, Sid ak Nip ap jwenn opòtinite pou patisipe nan fòmasyon sou ABCD. Se ap okazyon pou yo devlope nouvo konesans, ranfòse kapasite yo epi reflechi sou fason yo kapab itilize lidèchip yo pou kreye chanjman nan kominote kote yo ap viv yo. Paske lidèchip se kapasite pou pran inisyativ, idantifye pwoblèm yo, mete moun ansanm pou chèche solisyon. Se sa CLE vle kontinye nouri lakay jèn yo

Grandans : aprann, rankontre, selebre

Pou okazyon sa, kòdinasyon Rezo CLE Grandans lan ap òganize yon konferans ak yon fwa pou make Jounen Entènasyonal Jèn yo, nan lide pou kreye pataj eksperyans, dekouvèt ak tèt ansanm.
Paske, lidèchip tou, se kreye espas pou chak moun mete ansam kapasite yo pou louvri pòt sou nouvo posibilite yon sèl moun pa t ap kapab genyen. Se sa menm rezo Grandans lan ap gen pou fè.

500 nouvo manm pou yon pi gwo enpak

Depi plizyè mwa, gwo rezo CLE a te louvri pòt li pou nouvo manm nan lide pou akeyi 50 manm nan chak depatman, pou yon total 500 jèn. Lide a se kontinye elaji epi ranfòse gwo kominote jèn lidè sa. Chak nouvo manm se yon nouvo vwa, yon nouvo lide, yon nouvo eksperyans pou chanjman. Plis rezo a grandi, se plis jèn ki ap kapab rankontre moun ki gen menm anbisyon ak yo, pataje sa yo konnen epi aprann nan eksperyans lòt moun.
Ki pi bon moman ke sa pou entwonize 500 nouvo moun ?

EmpowerHer : yon espas pou jèn fi ki vle grandi

Toujou nan kad selebrasyon JIJ la, CLE kolabore ansanm ak Fanmin HT pou mete aksan tou sou potansyèl jèn fi yo atravè EmpowerHer.
Pwogram sa kreye pou ofri 45 jèn fi ki vle aprann ak grandi, yon opòtinite pou yo devlope kapasite yo nan lidèchip, dekouvri plis sou entèlijans atifisyèl ak teknoloji, epi rankontre lòt jèn fi ki gen anbisyon ak vizyon menm jan ak yo.
EmpowerHer se yon envitasyon pou jèn fi yo reflechi sou avni yo epi prepare yo pou yo pran plas yo ladan l.

Pou CLE ak tout Rezo li Jounen Entènasyonal Jèn yo se yon nouvo okazyon pou sonje poukisa travay sa enpòtan. Se yon moman pou bay jèn yo plis espas ak plis vwa. Paske, se avèk yo CLE travay. Se pou yo nou kreye pwogram ak inisyativ chak jou ki pase. Paske tou, jèn se lavni yon peyi. Yo gen lide. Yo gen enèji. Se yo ki la pou bati sosyete demen yo.

Michano J-D FONTICHE
Ketsia Sara DESPEIGNES

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.