Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Dessalines ak Capois: Yon eritaj angajman pou tout yon nasyon

Dessalines ak Capois: Yon eritaj angajman pou tout yon nasyon

Gen yon seri moun ki viv nan yon epòk, ki rive make lespri non sèlman moun ki nan menm epòk la, men tou, moun ki vini menm aprè yo. Aksyon moun sa yo fè non yo enskri pi lwen pase tan yo t ap viv la, pou yo vin tounen referans pou jenerasyon ki vin apre yo. Nan listwa endepandans Ayiti, Dessalines ak Capois se 2 non ki rezonen ak lide sa. Mwen konsyan de tout preyokipasyon yon pawòl konsa kapab charye dèyè l, men nou ka dakò sou grenn bagay sa a: non Dessalines ak Capois rete grave tankou 2 senbòl angajman ak sakrifis. Se sou dimansyon sa yo, atik sa a pral chita.

Nou dakò chak epòk vini ak reyalite pa yo. Nou dakò tou, Dessalines ak Capois te viv nan yon epòk ki diferan de jodi a sou prèske tout aspè yo, men sa pa ka anpeche nou mezire dimansyon angajman, sakrifis ak risk yo nan tan n ap viv la.

Apre plis pase 2 syèk depi peyi nou pran endepandans, gen yon kesyon nou poko janm rive reponn ak aksyon konkrè: Kisa nou menm ayisyen ki ap viv nan tan modèn sa, ki gen tout resous sa yo ki antoure nou, deside fè pou peyi a?

Nan dat premye janvye 1804, nan pwoklamasyon endepandans lan, Dessalines te itilize yon seri pawòl ki te rezime tout nanm batay li t ap mennen an. Pawòl sa yo pwouve se pa tèt li sèlman li te wè, men se pito enterè nasyon an :

« Mwen vle raple n ke m sakrifye tout bagay pou m defann nou, paran nou yo, pitit nou yo, richès nou yo e jounen jodi a tout sa m genyen kòm richès se libète n. » _Jean Jacques Dessalines

Dessalines pa t pale de lajan, ni kay, ni tit men li te pito konsidere libète peyi a kòm pi gwo richès li. Jounen jodi a, konbyen Ayisyen ki ka pale de chanjman ak devlopman peyi a kòm richès yo? Èske nou ka menm pale de libète vre nan sikonstans n ap viv yo jodi a? Kesyon yo anpil, mwen pap ka rive poze tout nan sèl grenn atik sa.

Nan moman nou ye la, se plis pase yon devwa nou genyen pou nou sèvi avèk listwa nou pou nou pran responsablite nou kòm sitwayen. Dat istorik pa ta dwe sèlman la pou raple nou sa zansèt tankou Dessalines, Capois, Sanite, Christophe, te fè, men se tou yon rapèl pou nou ekri pwòp istwa nou pou jenerasyon ki ap vini yo.

Nou pa kapab bliye Capois “lanmò” kòm egzanp kouraj ak detèminasyon ki dwe enspire nou jodi a. Listwa rakonte pandan batay Vètyè a, 18 novanm 1803, aprè cheval li fin tonbe, li leve epi li kontinye motive rès sòlda yo : « En Avant! En Avant! ». Capois pa rete grave nan listwa paske li te fè yon bèl diskou, men pito paske li te aji. Se nan aksyon sa nou kapab wè yon lòt dimansyon angajman : kapasite pou kontinye avanse malgre kè sote.

Mwen panse moman rive pou nou menm jodi a kriye : « En Avant! En Avant! » pou peyi nou.

Lide a, nan atik sa, se pa pou nou repwodui batay Dessalines ak Capois yo. Sakrifis jodi a pa vle di nesesèman aji menm jan ak ewo yo, paske kontèks la ak reyalite yo diferan. Kesyon an se pito : nan reyalite pa nou an, kisa responsablite ak sakrifis vle di?

Sakrifis jodi a kapab vle di aji tankou sitwayen responsab nan tout sa w ap fè. Li ka vle di tou bay tan w, enèji w ak tout resous ou pou yon seri koz ki depase enterè endividyèl. Li sitou vle di toujou mete enterè peyi a devan tout lòt enterè. Se sa k ap defini ki dimansyon sitwayen ou ye.

Kisa jenerasyon sa a ap kite pou sa k ap vini yo ? Li pa nòmal pou tout sa ki fè nou parèt gran nan zye mond lan genyen plis pase 200 lane. Nou dakò yon pèp dwe sèvi ak listwa l pou l vanse, men yon pèp pa kapab chita ap viv nan pase l. Nan anviwon 60 lane ankò, gen anpil chans pou majorite moun ki li atik sa a pa sou tè sa a ankò. Kisa nou vle kite kòm eritaj pou sa k ap vini yo?

Se moman pou nou mennen pwòp batay nou pou enterè peyi a, se meyè fason n ap ka kite zansèt nou yo repoze nan lapè. Paske, se vre yon pèp ki neglije listwa l se yon pèp avèg, men yon pèp ki ap viv nan pase l sèlman se yon pèp ki sispann viv.

Ansanm, an nou kreye pwòp listwa nou, make tan pa nou, pandan n ap enspire de pase nou pou nou avanse.

Leonaldo Chery

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

2 commentaires sur “Dessalines ak Capois: Yon eritaj angajman pou tout yon nasyon”

  1. Mwen renmen atik la. Wi, li lè li tan pou n’ kite zansèt yo repoze nan lapè. Se nou k pral zansèt e nou k dwe di an avan jodi a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.