Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Pa dèyè sèn lan, pwogram «coaching» nan CLE

Pa dèyè sèn lan, pwogram «coaching» nan CLE

Èske w te konnen, apre seminè rezidansyèl ak patisipan nan pwogram Angaje CLE a, gen anpil tan ki pase nan travay sou biznis patisipan yo? Peryòd sa konsakre ak «Coaching» pou patisipan yo. 

Lanse yon biznis mande plis pase yon bon lide ak volonte pou reyisi. Chak jou, antreprenè yo gen pou yo pran desizyon, jere resous, suiv aktivite yo epi jwenn fason pou fè yo grandi. Men, lè w ap kòmanse, li pa toujou fasil pou w konnen ki kote pou w kòmanse oswa ki zouti pou w itilize. Se nan reyalite sa a seyans « coaching » CLE yo antre, nan kad akonpayman patisipan kowòt Angaje 2026 la.

Querline Bernadeau, kreye Super Maman Store, yon antrepriz ki espesyalize nan pwodui pou manman ak fanm ansent, te deja anrejistre tranzaksyon li yo anvan Angaje 2026. Men youn nan bagay li te bezwen amelyore, se fason li itilize done sa yo, paske li pa t toujou konnen kijan pou l analize enfòmasyon yo epi pran desizyon. Apre li kòmanse patisipe nan seyans akonpayman yo, li vin pi byen konprann enpòtans anrejistreman tranzaksyon yo. Li aprann sèvi ak plis zouti pou suiv aktivite biznis la, tankou zouti pou jere envantè. 

Querline Bernadeau

Sadham Biko Gay, asistan pwogram nan CLE, se youn nan «coach» ki akonpaye patisipan yo, li mete aksan sou aspè sa a nan travay «coaching» lan. Dapre li, akonpayman an ede antreprenè yo gen bon jan zouti pou yo pa sèlman konte sou entwisyon yo. Selon Biko, « Gen moun ki gendwa sou yon bon chimen, men yo pa konnen sa. Yo bezwen w endike yo sa epi montre yo kijan pou yo itilize rezilta sa yo pou yo grandi plis».

Pou Evens Germain, ki fonde Agrimiel Production, yon antrepriz ki pwodui epi komèsyalize siwo myèl, motivasyon pou devlope biznis lan te toujou la, men li pa t fin konnen kijan pou l mennen aktivite a epi byen oganize lide a : « M vin konprann pi byen sa sa vle di dirije yon antrepriz, mwen vin aprann konnen enpòtans planifikasyon, jesyon finansye, etid sou kliyan epi fè aktivite pou biznis lan avanse ».

Evens Germain

Pami lòt bagay li aprann, Evens site enpòtans pou yon antreprenè pa tann li gen anpil kapital anvan li kòmanse aji, epi pou l pa melanje lajan pèsonèl li ak lajan biznis la. Li fè konnen seyans « coaching » yo ede Agrimiel Production pran direksyon pwogrè.

Biko esplike travay «coach» la se ede antreprenè yo kanalize jefò yo epi idantifye sa ki posib nan kontèks y ap evolye a. Sa mande pou yo fikse objektif, suiv rezilta yo epi evalye si estrateji yo itilize a ap pèmèt yo avanse. Li kontinye pou di, siksè jèn sa yo, se pi gwo satisfaksyon akonpanyatè a :

« Menmsi m ta akonpanye 100 moun, yon sèl nan yo ta rive atenn objektif li, mwen deja santi m gen fòs pou m coach pou 100 moun ankò ».

Melchie Jules, bò kote pa li, deklare : « M te antre nan Angaje ak sèlman yon lide biznis m te kwè ladan l. Motivasyon pou m te soti nan lide a kòmanse apre dènye reyinyon m ak CLE anvan premye seminè a ».

Melchie Jules

Li te lanse yon fèm lapen ak ti mwayen li te genyen. Okòmansman, li t ap fonksyone sitou sou baz entwisyon. Selon li, akonpayman sa ede l mete plis estrikti nan jesyon aktivite l. Kounya, li itilize yon kaye pou depans ak yon lòt pou lavant, epi li travay tanzantan sou zouti dyagnostik finansye li sou Canva.

Li fè konnen : « Depi lè sa, lavant mwen pa sispann ogmante plis chak jou ».

Nan kad Angaje 2026 la, seyans « coaching » yo fèt an gwoup. Anplis travay yo fè ak «coach» la, patisipan yo jwenn okazyon pou pataje eksperyans yo, diskite sou defi yo epi aprann sou fason lòt antreprenè yo ap mennen aktivite pa yo. Echanj sa yo pèmèt yo idantifye posiblite pou kolaborasyon.

Pou Biko, enpak akonpayman an pa limite ak moun ki resevwa li dirèkteman. Yon antreprenè ki jwenn sipò pou l devlope aktivite li kapab sèvi ak zouti li resevwa yo pou li ede fanmi l, zanmi l ak lòt moun nan kominote l. Konsa, efè yon sèl akonpayman kapab depase moun ki te benefisye li a, epi rive pi lwen pase sa ki kapab mezire.

Mèsi ak chak patisipan ki te pataje temwanyaj yo ak nou. Ou menm ki poko fè sa, espas kòmante a louvri pou ou. 

Ketsia Sara Despeignes

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.