Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Dèyè pòt la, gen lidè k ap aji

Dèyè pòt la, gen lidè k ap aji

Èske lidèchip toujou vle di pran devan oubyen pi popilè ? Jeneralman, sosyete a konn mezire lidèchip apati viziblite, rezo, kontak, kapasite pou pale devan piblik, pozisyon nan yon seri mouvman oubyen òganizasyon, e menm patisipasyon nan yon seri gwo aktivite. Men, konprann kesyon lidèchip la mande plis efò toujou, paske gen anpil moun ki dèyè pòt la, ki pa fè bri, ki pa renmen pran devan, men ki travay anpil pou reyisit yon seri gwo inisyativ. Moun sa yo oryante yon seri mouvman, yo kontribye nan fè gwo enpak nan kominote yo ak sou lavi anpil moun. Nan atik sa a, nou pa gen entansyon banalize premye kategori lidè yo, ni nou pa gen lide voye flè pou dezyèm kategori a pou fe konnen se li ki pi bon. Nou sèlman vle fè sonje nou pa ka bliye sila yo k ap travay dèyè rido a, san fè bri.

Se pa tout lè pran devan vle di lidè

Youn nan egzanp ki ka eksplike lidèchip dèyè sèn lan, sa se egzanp yon bato vwalye. Nan yon bato vwalye, gen plizyè manm ki fòme ekip maren yo. Moun sa yo souvan nan pozisyon diferan lè bato a ap demare, men tou pandan l ap navige. Gen moun ki la pou monte jip la, yo konn mete tèt yo ansanm pou monte gwo vwal la, gen moun ki pou mare kòd, gen yon moun ki chita dèyè nèt, gen moun ki devan nèt tou. Maren ki nan mitan batiman an oswa sa ki nan tèt batiman an se pa nesesèman yo menm ki lidè, paske se pa yo menm k ap mennen l epi ba l direksyon. Moun ki se lidè batiman an chita dèyè nèt, pou li kapab konekte ak gouvènay la, mennen batiman an epi ba l direksyon.

Egzanp sila a montre nou moun ki devan an pa toujou lidè a, paske anpil fwa, lidè a konn pa chwazi pran devan nan yon gwoup oubyen nan yon inisyativ e prefere delege lot moun. Gen moun tou, ki pa devan sèn lan, men ki toujou la lè gen travay ki dwe fèt. Yo mobilize tout resous ki nesesè, soutni moun ki dekouraje epi pwopoze solisyon lè tout bagay parèt nwa. Moun sa yo se lidè k ap travay dèyè rido a. Sèn nan pa t ap bèl san kontribisyon pa yo. 

Dayè, youn nan fason pou yon moun angaje l, se mete konesans, konpetans ak eksperyans li nan sèvis yon kòz. Lè sa, piblik la pa toujou temwen. Se sa Patrick Avril esplike lè li pataje eksperyans li konsa: « Yon fason yon moun ka angaje l pou yon bon kòz san l pa oblije sou pwojektè, se mete ekspètiz ak konesans li pou sèvi yon mouvman ki ka fè enpak. Tankou jan m te fè l dènyèman, lè mwen bay tèt mwen kòm fotograf pou aktivite AMII an. »

Yon lidè pa reyisi pou tèt li sèlman

Reyisit yon lidè pa dwe mezire nan sa li reyalize pou tèt li sèlman, men tou nan kapasite li genyen pou l ede lòt moun grandi, pran responsablite epi kontribye nan reyalizasyon objektif pa yo tou. Li mezire tou nan fason li rive gen rezilta pozitif nan kominote l.

Sou pwen sa a, Benchy Chery deklare: « Lidèchip pa mezire sèlman sou baz plas yon moun okipe, men ak valè l pote, jefò l ak tras li kite nan lavi lòt moun. »

Pawòl sa yo fè nou sonje yon lòt fason pou angaje w san w pa nan tèt yon inisyativ se soutni lòt moun, ankouraje yo epi ede yo devlope kapasite yo. Pafwa, kontribisyon yo pa parèt dirèkteman nan rezilta final la, men li ka ede yon lòt moun pran kouraj, aprann yon bagay nouvo oswa jwenn fòs pou l kontinye. 

Madsen Julmiste, bò kote pa l, mete aksan sou entansyon ki dèyè aksyon yon lidè: « Entansyonalite se yonn nan bon eta lespri yon lidè ta dwe kiltive, k ap pèmèt li fè gran enpak san li pa oblije devan sèn nan. Lidè a dwe fè tout sa l ap fè yo ak bon entansyon, san mete nan tèt li l ap fè sa pou mete limyè sou li. Paske depi w se limyè, tout moun ap wè w, men depi se ou ki pral fòse moun wè w, limyè ki nan ou a ka etenn. »

Kidonk, yon twazyèm fason pou angaje w se aji ak bon entansyon, san chèche rekonesans oswa viziblite. Sa pa vle di nou pa dwe valorize travay nou oswa pataje sa nou reyalize. Men, li enpòtan pou dezi nou genyen pou nou fè yon diferans pa chita sou kantite moun ki wè nou, oswa aplodisman nou resevwa.

Pa bliye moun k ap travay dèyè rido a

Mezire lidèchip mande pou nou voye je dèyè rido a, kote yon seri moun ap travay, mobilize tout resous posib, defini estrateji epi kontan aplodi lòt moun ki pran devan.

Dèyè anpil inisyativ ki reyisi, gen yon seri sòlda k ap fè jefò nou pa janm wè. Moun sa yo pa souvan gen mikwo nan men yo, se pa toujou yo ki nan entèvyou yo, yo pa souvan nan foto ki plis pataje yo, paske yo pa fasil chita devan sèn nan. Men, yo se ewo nan reyisit inisyativ yo.

Pandan n ap gade sèn nan, an n pa bliye moun ki te mete men pou konstwi l. Pandan n ap manje lalo a, an n pa bliye moun ki te sou fou a pou prepare l.

Leonaldo Chery

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.