Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la

Aprann, teste, konstwi: istwa Gid Konbit la

  • Kout Je

Istwa jodi a, se istwa pèseverans, tèt ansanm ak volonte pou enspire chanjman. Istwa sila chita sou plis pase 15 lane obsèvasyon, eksperimantasyon, refleksyon ak travay kolektif pou chèche konprann kijan kapasite moun ak kominote yo kapab vin yon fòs pou devlopman.


Istwa Gid konbit la se istwa yon vwayaj ki te kòmanse byen lontan pou Gwoup Konbit. Li te kòmanse sou non Konbit Solèy Leve pandan dis lane kote ekip la t ap obsève sa k ap pase sou teren an, teste plizyè apwòch epi aprann nan eksperyans kominote yo. Li kontinye ak senk lòt lane sou non yo konnen yo kounya a. 5 lane ki pase nan sistematize tout eksperyans sa yo, transfòme yo an yon zouti ki estriktire, pratik epi adapte ak reyalite peyi a pou rive bay Gid Konbit la.


Dapre Gladimy Jean, Kòdonatè Kominikasyon Gwoup Konbit la, demach sa sanble anpil ak metòd syantifik la: obsève, analize, teste, amelyore epi verifye e li te mande pasyans pou konprann kisa ki mache, kisa eksperyans yo kapab anseye anvan yo te chèche mete yo sou papye.
Se konsa Gid Konbit la te pran fòm.


Men, rakonte istwa sa, se rakonte istwa moun sa yo tou, ki te mete men pou konstwi yon zouti ki kapab sèvi tout peyi a. Se plis pase 300 lidè kominotè, etidyan, pwofesyonèl, chèchè ak òganizasyon, nan diferan sektè ki te mete men nan pote refleksyon, òganize epi patisipe nan atelye, rankont ak tès. Se yon rankont eksperyans ak lasyans.
Antanke konbitè, dimansyon sa enpòtan anpil Gladimy:
« Gid Konbit la se rezilta rankont ant sajès ki soti nan kilti nou ak metòd syantifik ki pèmèt nou òganize epi valide eksperyans sa yo. Pou nou, kilti ak lasyans pa opoze; yo konplete youn lòt. »


Pale de demach sa, se pale de tètansanm ak kolektif. Nou pa ka pale de mo sa yo san nou pa panse ak Konbit. Si Gwoup Konbit la chwazi retounen sou eritaj sa epi mete limyè sou li, se pa sèlman pou kenbe tradisyon an vivan. Objektif la ale pi lwen ke sa. Se te gade kijan prensip ki dèyè li yo kapab ede reponn ak defi sosyete a ap rankontre jodi a. Paske, pou yo, Konbit ale pi lwen pase yon eritaj istorik oswa yon pratik agrikòl. Li se yon filozofi sosyal ki toujou gen anpil enpòtans pou Ayiti ak pou mond lan.


Nan sans sa, Gid Konbit la vin sèvi kòm yon pon ki pran yon eritaj kiltirèl epi li òganize sajès ki ladan l lan nan yon metodoloji ki kapab sèvi nan plizyè domèn: edikasyon, antreprenarya, sante, agrikilti, anviwònman, lidèchip ak lòt sektè.
Gid la prezante istwa ak evolisyon Konbit la, 5 valè yo, 12 prensip yo, ansanm ak yon pwosesis devlopman an 10 etap ki kapab ede yon gwoup oswa yon kominote idantifye pwoblèm li yo, mobilize resous li yo epi mete solisyon an aplikasyon. Li gen ladan l tou zouti animasyon, teknik fasilitasyon ak kesyon refleksyon ki pèmèt chak moun osinon gwoup moun adapte metodoloji a selon reyalite pa yo.


Yonn nan leson istwa sila, se tètansam. Zouti sila li kreye pou klewonnen devlopman kòmanse ak moun, valè epi lide. Li pa kòmanse ak finansman. Paske, lè yon kominote pa rive gen konfyans pou kolabore oswa pran desizyon ansanm, menm pi gwo pwojè yo ka pa bay rezilta yo espere yo. Se pou sa, li mete aksan sou relasyon ant moun. Pou sa, Gid la vle aprann chak moun wè lòt moun kòm patnè olye de konkiran :
« Nou ta renmen chak moun sonje devlopman se yon responsabilite kolektif. Konbit anseye nou okenn moun pa gen tout repons yo, men chak moun gen yon kontribisyon pou pote. Lè nou mete konesans, tan, eksperyans ak resous nou ansanm nan yon klima respè ak konfyans, nou rive fè bagay okenn moun pa t ap kapab reyalize pou kont li. », se konsa Gladimy rezime lide sa.


Nan yon peyi kote anpil pwojè devlopman pa toujou rive kreye chanjman dirab, kesyon patisipasyon kominote yo gen anpil enpòtans. Lè moun yo pa patisipe ase nan refleksyon ak desizyon ki konsène avni yo, li difisil pou pale de chanjman. Nan ka sa, li plis posib pou chak moun ap tann yon ewo san konnen yo gen pouvwa transfòmasyon an nan men yo deja.
Istwa a pa fini la. Okontrè, fen epizòd sa se kòmansman yon lòt etap pou Gwoup Konbit. Pwochen defi a se fè metodoloji a viv : fòme fasilitatè, akonpanye òganizasyon, lekòl, inivèsite, antrepriz, legliz ak enstitisyon piblik, pandan y ap kontinye dokimante eksperyans yo epi amelyore zouti a.
Paske, Gladimy raple nou:
« Yon liv pa chanje yon sosyete; se moun ki aplike lide ki ladan l yo ki fè diferans lan. »
Lè yon lekòl aprann elèv li yo enplike yo plis, si yon kominote rive rezoud yon pwoblèm ansanm, lè plis jèn deside angaje yo nan lavi kominote yo, se la Gid la ap kòmanse pran tout sans li.


Gid konbit la deja anseye nou anpil bagay. Kòmanse nan eritaj la k ap aprann nou kolabore depi plizyè jenerasyon, pase pran istwa kreyasyon li, rive nan distribisyon li ak vizyon ki kache nan chak grenn paj. Istwa vwayaj 15 lane sila ap pi bèl toujou si nou rive mete ansanm sa nou aprann pou imajine yon lòt avni.

Ketsia Sara DESPEIGNES

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.