Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Èske gen bezwen anpil kòb pou w kòmanse yon biznis?

Èske gen bezwen anpil kòb pou w kòmanse yon biznis?

Lè yon moun pale de fè biznis, anpil fwa premye sa ki vin nan tèt nou se anpil lajan. Nou konn tande moun di : “Mwen gen yon bon lide, men mwen poko gen ase kòb pou m kòmanse.” Osinon : “Lè m jwenn finansman, m ap lanse biznis mwen an.”

Anpil moun ki anvi lanse yo nan biznis konn pa janm eseye fè yon premye pa, paske yo gentan kwè mank lajan yo a se pi gwo obstak yo. Men èske se vre ou bezwen anpil kòb pou kòmanse yon biznis?

Anpil gwo biznis nou konnen jodi a pa t kòmanse ak gwo kapital. Yo te kòmanse ak yon lide, kèk resous ki te disponib, epi sitou yon moun ki te deside aji.

Bezwen anpil lajan pou kòmanse yon biznis: se yon mit!

Sa pa vle di lajan pa enpòtan. Okontrè, finansman ka ede yon biznis grandi pi vit. Men lajan pa toujou premye sa yon moun bezwen pou kòmanse, ni se pa sèlman sa.

Anvan lajan, gen lòt resous ki gen anpil valè :

  • konesans ou genyen nan domèn ou vle lanse w la;
  • moun ou konnen, kontak, rezo w;
  • tan ou dispoze envesti, tan lib ou genyen;
  • kapasite w pou w aprann;
  • disiplin ou.

Se souvan resous sa yo ki pèmèt yon lide pran fòm anvan menm ou kòmanse depanse gwo lajan.

Dapre yon etid Stripe ak Indie Hackers te fè nan lane 2024, 68% antreprenè ki kreye biznis teknoloji prefere lanse san yo pa chèche gwo finansman nan kòmansman. Yo rele metòd sa “bootstrapping” , ki vle di kòmanse ak sa w genyen, grandi ak pwòp lajan biznis lan fè.

Gen metòd ki menm devlope espesyalman pou pwouve sa. Doktè John Dobson, yon pwofesè antreprenarya ki travay anpil ak jèn nan peyi an devlopman yo, kreye yon metòd ki sòti nan liv li, ki rele DYME : Develop Your Model of Entrepreneurship. Liv sa klè kou dlo kokoye: Ou ka kòmanse avanti antreprenarya w lan ak senpman 1 dola.

Kòmanse piti pa vle di panse piti

Yonn nan erè anpil moun fè se kwè yo dwe lanse yon gwo pwojè depi premye jou a.

An reyalite, anpil antreprenè kòmanse ak yon premye kliyan, yon premye pwodwi oswa yon premye sèvis. Yo teste lide yo, yo aprann nan eksperyans lan epi yo amelyore sa yo ofri a.

Pa egzanp, si ou renmen fè gato, ou pa bezwen gen yon gwo mezon patisri pou kòmanse. Ou ka kòmanse pwopoze kèk gato bay vwazen, zanmi oswa moun nan kominote w. Apre sa, ou ka sèvi ak pwofi ou fè pou devlope aktivite a piti piti.

Se menm prensip la pou anpil lòt kalite biznis.

Men atansyon: Yon bon lide sèlman pa sifi

Gen yon lòt mit ki fè anpil moun fè erè : kwè yon bon lide se garanti siksè.

Anpil moun gen bon lide. Men sa ki fè diferans lan se kapasite pou aplike li.

Pou yon biznis reyisi, yon moun bezwen :

  • yon plan klè;
  • kapasite pou jere resous li;
  • disiplin;
  • kapasite pou adapte l ak chanjman;
  • volonte pou aprann nan erè li yo.

Yon lide se premye solèy ki fè jou louvri a. Travay la se sa ki fè lide a tounen yon biznis.

Premye pa a se li ki pi enpòtan, se ak li ou rive lanse w

Si ou ap tann tout kondisyon yo reyini pou kòmanse, ou ka tann lontan. Men si ou kòmanse ak sa w genyen jodi a, menm si li piti, ou deja sou chemen an.

Yon biznis pa fèt nan yon sèl jou. Li bati etap pa etap, eksperyans apre eksperyans. Nou gen tandans souzestime premye travay yo, nou bliye si siksè se tout yon pwosesis, se pa yon loray kale!

Kidonk, se pa kantite kòb ou genyen ki detèmine si ou ka kòmanse. Sa ki pi enpòtan an se kapasite w pou kwè nan lide a, teste li, aprann epi kontinye avanse.

Paske anpil fwa, premye kapital yon antreprenè se pa lajan. Se desizyon li pran pou l kòmanse.

Pataje avi w ak nou nan espas kòmantè yo, èske w te gen kwayans sa yo tou? 

John Dewey Michano Fontiche

Leonaldo Chery

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.