Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » JIJ 2026 : Tèt ansanm pou aji

JIJ 2026 : Tèt ansanm pou aji

Chak ane, Jounen Entènasyonal Jèn yo (JIJ) se yon okazyon pou mete limyè sou kontribisyon, inisyativ ak wòl jèn yo nan kominote yo. Pou CLE, JIJ 2026 te yon moman espesyal pou selebre yo, men sitou pou mete an valè fason yo te mobilize nan gwo Rezo CLE a, nan kat kwen peyi a, pou fè jounen sa viv atravè divès inisyativ.

Nan plizyè depatman, jèn yo te pran inisyativ, patisipe nan fòmasyon, òganize konferans, kreye espas pou pataje eksperyans epi mete tèt yo ansanm pou reflechi sou aksyon yo kapab pote nan kominote yo. Seri aktivite sa yo te montre yon rezo jèn ki angaje, ki konekte epi ki pare pou mete lide yo an mouvman.

Yon jounen ki mennen lòt angajman

Selebrasyon JIJ 2026 nan depatman Lwès la te fèt sou baz kolaborasyon, kote plis pase 30 òganizasyon ak asosyasyon jèn ki chita nan menm espas, pran tan pou dekouvri travay yonn lòt epi chèche sa yo kapab fè ansanm.

Se te okazyon tou, pou CLE ak Banj mete tèt yo ansanm pou kreye yon espas kote asosyasyon sa yo kapab rankontre, pataje epi reflechi sou aksyon yo ka mennen ansanm. 

Se nan lespri sa a jounen selebrasyon JIJ 2026 la te dewoule nan depatman Lwès la.

Pandan echanj yo, aktè sa yo te aprann konnen plis sou travay yonn lòt epi pran angajman pou mete men yonn ak lòt pou reyalize aksyon konkrè. Angajman sa yo pa t rete nan pawòl. Yo te materyalize sou fòm yon matris angajman, yon fason pou mete sou papye sa chak òganizasyon dispoze pote epi fè ansanm, tankou volonte pou travay ansanm pou fè plis enpak. 

10 depatman ann aksyon

Bò kote pa yo, depi lè mwa dawout la kòmanse pwoche, jèn nan depatman Sidès, Sant, Nòdès, Nòdwès, Nò, Sid ak Nip te gentan ap òganize yo pou kondui fòmasyon sou ABCD, osinon patisipe ladan l.

Fòmasyon sa te pèmèt yo reflechi sou resous ki deja egziste nan kominote yo epi sou fason yo kapab sèvi avèk yo pou kreye chanjman. Inisyativ sila soti nan volonte pou jèn yo rive konnen reyalite kominote yo, idantifye sa ki disponib epi wè kiyès nan resous sa yo yo kapab mete ansanm nan lide pou poze aksyon.

Nan menm lide aprantisaj sa, kòdinasyon Rezo CLE Grande-Anse lan te òganize yon konferans sou : “antreprenarya ak jèn yo : wòl yo nan devlopman kominotè”. Yo te makonnen li ak yon fwa agwo atizanal ki te kreye yon espas pou rankont ak pataj eksperyans nan objektif pou dekouvri nouvo moun, nouvo inisyativ ak tande lòt fason pou abòde yon pwoblèm.

Kontinye aprann epi kenbe lide yo vivan

Lè yon aktivite fini, nou souvan wè moun ki te patisipe yo, foto yo, diskisyon yo, fòmasyon yo ak lide yo. Men nou pa toujou panse ak travay san kanpe yo, risk yo. Paske, lè yon gwoup moun deside travay ansanm, pa gen garanti tout bagay ap mache jan yo te prevwa l. Gen lide ki bezwen ajiste ak obstak ki ka parèt sou wout la. 

Se vre kantite moun ki te prezan enpòtan. Li bay yon endis sou kantite moun ou rive touche. Men nou pa dwe bliye relasyon ki kontinye apre aktivite a, konvèsasyon ki fèt sou sijè a ankò epi kolaborasyon ki pran jwenn lavi.

Kisa ki pase apre aktivite sa yo nan rezo pa nou ?

Se yonn nan refleksyon ki dèyè “An n ret konekte”, yon rankont anliy Rezo CLE a òganize pou kreye yon lòt espas pou jèn yo kontinye pataje eksperyans yo epi aprann yonn nan men lòt.

Se pou sa Rezo a la : pou eksperyans yo pa rete lakay moun ki viv yo sèlman. Pou yo pataje yo, diskite sou yo epi enspire lòt moun.

JIJ 2026 montre nou angajman pa rete nan pawòl. Li pran fòm lè jèn yo deside rankontre, aprann, òganize, mete tèt ansanm epi fè yon bagay ak sa yo aprann yo. Sou tèren an, se la angajman pran tout sans li.

Ketsia Sara DESPEIGNES

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.