Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » CLE ap akonpanye 35 antrepriz sosyal ann Ayiti.

CLE ap akonpanye 35 antrepriz sosyal ann Ayiti.

CLE lanse pwogram akselerasyon li a pou 35 antrepriz sosyal ann Ayiti ki pare pou franchi yon lòt etap kwasans. Nouvo pwogram sila dire 4 mwa epi li ofri: fòmasyon, mantora, aksè pou jwenn  kredi ak opòtinite rezotaj.

Nan kad misyon li pou sipòte lajenès ak antreprenè sosyal ann Ayiti, CLE lanse pwogram sa ki vize akonpanye 35 antrepriz sosyal ki deja ap fonksyone nan rezo li a, epi ki pare pou franchi yon nouvo etap nan devlopman yo. Pwogram sila a fè pati Conecta Caribbean, yon inisyativ CARIBEquity Facility ki reyalize gras ak sipò IDB Lab ak Inyon Ewopeyèn. 

Pakou akselerasyon an kreye pou pote plis opòtinite nan ekosistèm antreprenarya jèn yo ann Ayiti. Anpil jèn rive lanse biznis yo, men yo souvan fè fas ak plizyè defi lè yo bezwen mennen yo pi lwen. Pami defi sa yo, genyen : difikilte pou estriktire antrepriz yo, amelyore fonksyònman yo ak jwenn sipò estratejik ki nesesè pou gide desizyon yo.

Se poutèt sa, nouvo pwogram sa a ofri plis pase fòmasyon. Li bay yon akonpayman estratejik ak pratik , adapte ak reyalite chak antrepriz. 

Pandan kat mwa yo, patisipan yo ap travay sou vrè defi yo rankontre nan biznis yo, ranfòse pèfòmans biznis yo epi devlope zouti ak estrateji ki pral ede yo fè antrepriz yo vin pi solid ak pi dirab. Yo ap benefisye fòmasyon espesyalize, mantora, opòtinite rezotaj ak kolaborasyon, ansanm ak aksè ak yon rezo pwofesyonèl ki kapab ede yo ranfòse modèl biznis yo. Pwogram nan ap ofri tou opòtinite pou jwenn kredi pou soutni devlopman antrepriz sosyal yo. Anplis de sa, patisipan yo ap gen aksè ak yon ekosistèm ki konekte yo ak lòt antreprenè ak aktè chanjman sosyal atravè Karayib la.

Enskripsyon yo fèt pandan mwa jen 2026 la epi premye sesyon fomasyon yo ap kòmanse nan mwa jiyè. 

Nan fen pwogram nan, CLE espere wè antrepriz patisipan yo vin pi byen estriktire epi pi klè sou wòl yo ak priyorite yo. Antreprenè yo ap sòti ak yon plan estratejik klè ki defini direksyon yo ak mwayen pou rive la, ansanm ak yon pi bon konpreyansyon sou modèl biznis yo. Sa ap pèmèt yo ogmante enpak sosyal yo, kreye plis opòtinite ekonomik, epi ranfòse estabilite finansye antrepriz yo.

CLE kontinye konfime angajman li pou soutni antreprenarya sosyal ann Ayiti. Atravè inisyativ sa, li vle ede yon nouvo jenerasyon antreprenè sosyal bati biznis ki pi solid, kreye plis opòtinite ekonomik epi ogmante enpak yo nan kominote yo.

Ketsia Sara DESPEIGNES

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.