Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Mwen se kapitèn bato lavni m

Mwen se kapitèn bato lavni m

Depi nan gwo laj lavi m, lè lannwit la kòmanse kouvri gwo falèz nan nò zile Latòti, mwen te toujou aprann koute chante lanmè a. Pou nou menm ki fèt sou mòso tè sa a, ki chaje ak istwa ansyen sou flibistye ak boukanye ak maren, lanmè a se pa sèlman yon dlo ki separe nou ak rès mond lan ; se premye pwofesè nou. Li aprann nou pou n pa janm diskite ak yon move tan, men pou n adapte vwal nou ak fòs van an. Se nan gade gwo chaloup ak batiman yo k ap fann vag pou n bouske lavi sou kòt Sen Lwi di Nò ak Pòdpè, mwen te konprann yon verite ki make m pou tout lavi : lavi yon jèn se yon gwo vwayaj maritim, kote lavni l se destinasyon an, kote li menm, se sèl kapitèn abò a.

Pandan anpil jèn chita bò sab lavi a epi ap gade lavi ap pase, oubyen y ap kite kouran dlo lavi pote yo ale san destinasyon, mwen menm mwen eseye pran yon lòt chimen. Mwen chwazi kanpe dwat, men m kole ak ba gouvènay la, je m fikse sou liy orizon espwa ak pèseverans. Paske nan gwo vwayaj sa k ap bati demen m nan, mwen pa yon senp pasaje kap plenyen. Nan mitan tanpèt tankou nan bèl kalmi, deklarasyon m klè kou dlo kokoye : mwen se kaptèn bato lavni m. 

Yon bato se yon konstriksyon flotan, ki gen plizyè dimansyon epi ki la pou vyayaje sou dlo. 

Se menm jan tou, yon antreprenè, yon jèn lidè se yon bato an konstriksyon ki gen plizyè dimansyon ki la pou vwayaje. 

Pou yon vwayaj maritim reyisi, ou pa ka jis lage kòw nan dlo san preparasyon. Yon bon kaptèn pran tan pou l enspekte bato l, li trase wout li sou kat la, epi li chwazi ak swen kilès k ap rale zaviwon avèl.

Avanw afwonte gwo dlo ble lavi a, fòk ou konnen sou kisa w kanpe. Bato sa, gen anpil moun ki fè konbit pou l fèt. Depi soti nan moun k ap koupe bwa nan mòn yo, pou rale yo, pou netwaye yo, pou mete kanpe ki ak esklav bato sa. Se pat nenpòt bwa ki fè bato sa men se bonjan bwa chèn, akajou, lorye ak bwa pen. 

Bato pa w la, se pa yon konstriksyon an bwa oswa an fè; se pwòp tèt ou, se pèsonalite w, se potansyalite ou. Kidonk, talan w yo ak sa w aprann nan lekòl lavi a oswa sou ban lekòl, se yo ki fè planch bato w la solid. Si w pa konnen nan kisa w fò, oswa si w neglije fòme tèt ou, bato a ap pran dlo fasil lè yon ti van lès nòde frape nan vwal lavi w. 

Lank ak vwal la se valè moral k ap gide m, mwen makònen ak kòd entegrite, ak zoban disiplin epi ak ma respè. Lank lan se sa ki kenbe tout jèn solid pou l pa drive lè kouran an move. La fwa se konpa oubyen bousòl kap ba w direksyon pou w pa monte sou resif lavi. Vwal bato a se enèji w k ap pousew ale pi devan menm lè w santi w fatige. Epi lès nan bato a se nivo responsabilite w nan lavi. Konnen bato w la vle di konnen tèt ou : limit ak fòs ou, pou w ka konnen ki kantite chaj li ka pote.

Yon bato ki pa konnen ki kote l prale pa gen okenn van k ap bon pou li. Nan mitan lanmè, si w pa gen yon plan, ou kondane pou w vire an wonn jiskake pwovizyon ou fini oswa van an pa vante anfavè w ankò. Se sak fè li enpòtan pou w gen yon vizyon pou lavniw kap tankou yon fa kap klere w nan mitan lannwit. Vizyon an se sa ki motivew la, menm lèw nan mitan lanmè ou pa wè anwo ni anba men li pèmèt ou avanse kanmenm. Ki moun ou vle ye nan 5 lane oswa 10 lane? Ki mak ou vle kite sou tè sa a?

Ou pap janm ka soti nan pò kotye w ye a pou al ateri nan destinasyon final la yon sèl kou. Fòk ou gen ti objektif ki klè. Chak fwa w reyalize yon ti pwojè, se yon pò w touche, se yon etap ou franchi sou kat maritim ou an. 

Rèv san plan, se jis lafimen k ap disparèt nan briz lavi a. 

Kapitèn pa vle di vwayaje pou kont li. Men, siksè vwayaj la depann anpil de moun ou aksepte abò bato a. Espas bato a limite, epi chak pasaje gen yon responsabilite ak enfliyans sou direksyon bato a. N’ap bezwen moun ki gen menm vizyon avèk nou, moun k ‘ap pote bon jan enèji, k ap konseye n ak verite, epi k ap rale zaviwon an lè bra n fè nou mal. Sa yo se mantò nou yo, bon zanmi nou, ak fanmi k ap sipòte nou. Yo pa la pou yo gade w k ap koule, yo la pou yo ede w kenbe : Djip, lekout, ak edew vire lès anba bato a.

Ou pa ka ap vwayaje ak moun k ap pèse twou nan bato a, yo sèlman la pou pèse vwa dlo nan fon an. Moun ki toujou ap plenyen, moun ki pa kwè nan rèv ou, oubyen sa kap pote move nouvèl sèlman, se gwo chaj initil yo ye. Kaptèn nan dwe gen kouraj poul kanpe bato a nan pwochen waf la, epi mande moun yo pou yo desann. Se pap mechanste, se mwayen pou w rive kote w prale a pou pwòp avni w. 

Toujou sonje, menm si moun pa kwè nan rèv ou yo, depi w kenbe konfyans, w ap rive kanmenm. Se pou w toujou : 

  • Navige nan mitan tanpèt yo ;
  • Kenbe fèm nan mitan vag ak move tan yo;
  • Kenbe ba bato a fèm epi ajiste ak vwal la;
  • Sonje chak tanpèt ou travèse rann ou pifò ;
  • Konnen sikatris yo se diplòm lavi a ou pou w avanse ;
  • Gen konfyans nan tèt ou se zouti lespwa w ak pèseverans ou.

Definisyon kèk mo:

  1. Gouvènay: Se yon koleksyon mòso plan byen òganize ki nan bouda bato a ki la pou kontwole ak chanje direksyon bato a. 
  2. Kalmi : Se lè lanmè pa souke kòl menm, van an pa fè bri ditou.
  3. Zaviwon : Se bwa long ki itilize pou fè avanse yon bato. 
  4. Rale : Se yon fason peyizan itilize bwote bwa yo pou pote yo bò lanmè a
  5. Bwa chèn: Se yon bwa ki itilize pou bare bato a ak manbre li.
  6. Akajou : Se yon bwa ki itilize pou bare ak anbeli bato a.
  7. Lorye : Se yon bwa ki itilize pou bare bato pou l fè plis tan sou dlo.
  8. Bwa pen : Se planch ki kapab fè plis tan sou dlo. 
  9. Vwal: Se yon twal ki fòm triyang ki la pou kenbe van an epi pèmèt bato a avanse.
  10. Gi : Se yon bwa soti nan ma oblikman epi ki itilize pou kenbe vwa la.
  11. Ki : Se bwa ki long nan fon bato a, li mare ak tout manm yo epi konekte ak esklav la tou. Se bwa santral bato a.
  12. Esklav : Se bwa ki bay bato a fom pou l alonje sou devan, li mare ak manm yo ak ak ki a tou
  13. Kòn: Se yon bwa ki itilize pou kenbe vwal nan ma a. 
  14. Kòd: Se eleman ki itilize pou mare ki gi a kòn nan ak majorite sa ki nesesè sou bato a.
  15. Ma : Se yon bwa byen poli ki kloure nan fon bato a epi pase monte sou pon bato a ki kapab mezire plizyè santimèt selon gwosè bato. Se li ki bwa mètrès bato a paske tout fòs bato depan de li.
  16. Zoban : Se yon branch fil fè ki soti nan tèt ma epi ki mare nan bò bato a ki pèmèt bato a rete fèm.
  17. Konpa : Se yon zouti ki pèmèt kaptèn bato a jwenn bon jan direksyon kat pwent kadinal yo lè yo nan fon lanmè.
  18. Resif : Se yon moso tè nan mitan lanmè anvan ou antre atè oubyen sou yon waf.
  19. Djip : Se yon moso twal an triyang rektang devan bato a pou pèmèt li pran direksyon pi vit. 
  20. Lès : Se sak sab nan bato a ki pèmèt li pa ka chavire.
  21. Lès nòde : Se yon van ki soti nan direksyon nò ak lès. 
  22. Lekout : Se yon kòd ki mare nan gi a ak bouda bato pou lache ak kenbe gi a. 

Hans Karlency JULES

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.