Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » CENTRE HAITIEN DU LEADERSHIP ET DE L’EXCELLENCE (CLE), POU YON LÒT JENÈS NAN PLATO SANTRAL

CENTRE HAITIEN DU LEADERSHIP ET DE L’EXCELLENCE (CLE), POU YON LÒT JENÈS NAN PLATO SANTRAL

Tèks: DÉROSIER Smith.

Centre Haïtien du Leadership et de l’Excellence (CLE), te òganize nan Plato Santral soti 23 pou rive 26 jiyè 2018, yon fòmasyon pou lajenès.

Pwogram fòmasyon sila pote non “Pwogram pou Devlopman Pwofesyonèl Jèn yo”. Se gras ak sipò finansye Fondasyon TK li rive fèt. Li rantre nan kad  swivi òganizasyon an fè apre “konbit jèn”, yon aktivite ki la pou reveye jèn yo sou nesesite ak obligasyon yo chak genyen pou mete men pou chanjman yo vle a ka rive fèt nan kominote yo. Se te nan dat ki te 16 desanm lan Konbit sa a te rive fèt nan Ench.


Se angajman jèn nan Plato Santral apre konbit la ki ta pral mennen CLE, yon lòt fwa nan site kote Chalmay Peral, gwo gason sa a ki te kanpe kont blan meriken egzakteman 100 ane pase, te fèt la. 

PWOGRAM LIDÈCHIP POU DEVLOPMAN PWOFESYONÈL JÈN YO, KIJAN SA TE PASE?

Lendi 23 jiyè , depi l’ te fè 8 è, lakou lekòl Fondation Chrétienne nan vil Ench te deja kòmanse ranpli ak jèn yo ki te byen motive pou seminè 4 jou sa a. Apre tout planifikasyon ak anrejistreman,  fòmasyon yo te kòmanse  nan 2 klas yo. “Devlopman Grès Kochon Kwit Kochon” ak “Byen Jere Tan”, se te seyans pou premye jounen sa a. Nan Devlopman sa a, jèn yo te aprann tout kote gen resous, tout moun gen resous. Se chache pou n chache konnen yo, pou nou mobilize yo pou fè Devlopman nou vle a. Paske pa gen moun lòt kote kap vin fè tout bagay pou ou. Epi tou pa gen moun kap vin fè devlopman pou ou. Men moun ka vin fè l’ ak ou. Nan seyans byen Jere tan an, jèn yo te aprann enpòtans tan an genyen nan vi nou ak reyisit nou, sa ki konn fè nou pèdi tan nou epi kijan pou n rive itilize tan nou byen pou n reyisi.


Nan dezyèm joune a, sijè yo se te sou “Kominikasyon”, kote jèn yo te rive aprann kijan pou prepare ak prezante yon CV ak yon lèt kouvèti. Epi nan apremidi, yo tapral jwenn yon sijè sou “Kijan pou w Vann Tèt ou Kòm Pwofesyonèl”. Sijè sila a tap moutre jèn yo piske konkirans lan pa manke, piske opòtinite yo pa anpil epi yo pa dire anpil tan, piske ti bèf ki bezwen tete se li ki rele, li enpòtan pou w kapab vann tèt ou pou w kapab jwenn plas ou.

Pou twazyèm jounnen fòmasyon an, bagay la tapral chanje nèt. 

Non sèlman, 2 sal yo tapral fè yon sèl, men tou, se yon sèl seyans ki tapral pran tout jounen an, “Antreprenarya”, ki te fèt nan 7 modil. Apre definisyon mo a ak lòt ti koze ki paka pala yo, fasilitatè a ta pral pale sou kalite yon bon antreprenè,  kijan pou w ouvri yon biznis, jere yon biznis, antrepriz sosyal, Plan dafè,  maketing epi aspè finansye yon biznis.

Se konsa, ofisyèlman, jounen fòmasyon yo te fini.
Men, CLE te deside mete reyalite a devan jèn yo, kifè Li ta pral ofri yon konferans pou 4èm jou a ki te 26 jiyè .

5ème KONFERANS ” PWOGRAM POU DEVLOPMAN PWOFESYONEL JEN YO”

Si pou seminè a tout fasilitatè yo te soti pòtoptens, nan biwo CLE (Johnny Celestin, Paulinx Louis ak Max-Prosper Fortuna), Pou konferans sa a, te gen moun kap batay nan Plato a pou prezante reyalite Plato Santral.


Se konsa, Cereste Saintilmond, ki se mèt Makèt Ebenezè nan Ench, te pale sou “Defi ak Opòtinite jèn ki vle fè biznis ka jwenn nan Plato Santral”. Taïna Petit, ki se fondatris ak prezidant Mouvman pou Valè Inite ak Volonte (MOVIV) te pale sou Lidèchip sa mande pou yon moun reyisi swa nan biznis oswa nan yon travay li jwenn. Epi sete Johnny Célestin, direktè CLE a, ki ta pral pale sou erè ak movèz abitid jèn yo konn prezante nan yon CV oubyen yon Entèvyou.

Se konsa, aktivite a te fini ak sètifika pou 68 jèn ki te patisipe yo. Se te gwo lajwa ki te sou vizaj tout moun yo, ni patisipan, ni fasilitatè epi tout moun an jeneral.

Jèn Ench pat bouke manifeste lakontantman ak la rekonesans yo pou gwo travay sa a CLE te deside pote pou ede yo devlope tèt yo epi devlope kominote yo.

CLE bò kote pal pat sispann di nan mikwo laprès kijan l’ swete wè objektif li, ki se rive pèmèt Jèn rezo CLE a gen plis konpetans kap pèmèt yo rive jwenn yon travay pi fasil oubyen rive kreye yon aktivite pèsonèl ki enterese yo.

Nap fini ak fraz Martin Luther King lan, ke Taïna Petit te itilize pou l’ fèmen konferans li a:

“Si w pa ka Vole, kouri;
Si w paka kouri, mache;
Si w paka mache, trennen.
Sak enpòtan an, se pou w toujou kontinye AVANSE!

DÉROSIER Smith. 

Français