Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » KIJAN POU JWENN MISYON LAVI W?

KIJAN POU JWENN MISYON LAVI W?

Marie se yon jèn fi ki gen 25 lane.  Li grandi ak manman li ak papa li, yon gran frè e de ti sè. Marie fini lekòl, li fè etid nan inivèsite e li ap travay labank men li ap poze tèt li anpil kesyon epi li ap reflechi sou lavil.

Ak sipo fanmi li anplis efò ak sakrifis pèsonèl li fè, Marie rive fè anpil pwogrè men li pa fyè de tèt li e li pa satisfè ak kote li ye nan lavi li.  Men lè li gade listwa lavi li, Marie rann li kont ke li leve nan yon gran fanmi, li te gen yon bèl anfans e menm si paran li pat rich, yo te fè anpil sakrifis pou li ak frè l ak sè l yo ki pat janm manke anyen. Se la li pran konsyans ke li se yon moun ki sansib anpil pou jan timoun bò kotel ap leve. Li sonje tristès ki anvayil chak fwa li wè yon timoun nan lari, nan bezwen, pa ka al lekòl. Je Marie louvri. Li deside travay pou l chanje lavi timoun nan difikilte. Jodi a Marie se Direktris yon fwaye ki ede jèn timoun viv pi byen. Marie santi lavi li gen yon sans.

Anpil fwa, sa kapab rive w pou w ap poze tèt ou kesyon: Poukisa m fèt? Eske m gen yon misyon? Si m gen youn, kisa l ye?

Li nomal pou w ap poze kesyon sou rezon ki fè w ap viv jodia paske chak moun ki fèt, ki vin sou latè gen yon misyon pou li akonpli.

Misyon lavi w se rezon sa ki pral pèmèt ou konnen direksyon pou pran epi kijan pou devlope tèt ou.  Se sa ki ap pèmèt tounen reyèlman moun ou vle vin ye a epi bay lavi w yon sans. Se li tou ki pral pèmèt ou pran bon desizyon pou lavi w.   Lè ou konnen misyon w nan lavi, ou ap ka motive tèt ou epi pran chimèn pou mennen w kote w vle a.

Souvan se eksperyans nou fè, krent ak laperèz nou, konplèks nou, obligasyon sosyete an fè nou, kwayans ki pa fonde nou genyen ki anpeche nou jwenn sous lajwa nou. Menm jan ak Marie oswa Joseph ou ka pa poze tet w kesyon sa yo.  Nou vle pote kèk konsèy ki kapab pèmèt ou jwenn kèk repons sou kesyon ou genyen yo epi mete w sou chimen pou w jwenn vrè misyon w.

  1. Defini sa ki fè istwa lavi w : anfans ou, jenès ou ak moman wap viv kounya

Poze tèt ou kèk kesyon ki kapab louvri konsyans ou  tankou : ki rèv mwen te genyen depi lèm te timoun ? kisa m te renmen fè, kisa m pa t renmen fè?  Kounya reflechi sou peryòd ou te jenn. Kisa mwen te renmen fè lè m te gen tan lib? Kijan lòt zanmi, moun ki nan antouraj mwen te wè m? Eske m se yon moun ki te renmen plezi, pwogram plis ke tout lòt aktivite ? Pandan m vin granmoun nan la, èske m chanje? Eskem se yon moun ki renmen angaje m  nan sèvis lòt moun ? Eske m santim konsène pa pwoblèm lòt moun oubyen sel pwoblèm fanmi m ? Ekri tout repons ou yo sou yon kaye. Pa bay tèt ou manti. Kite kè w pale.

  1. Eske ou konsyan w gen kèk bagay ou konn fè byen?

Tout moun gen yon talan, yon bagay yo metrize byen ke lòt moun nan antouraj yo ka temwanye. Mande tèt ou epi reponn kesyon sa yo :  Ki fòs mwen, ki feblès mwen? Ki talan mwen genyen lakay mwen? Ki sa ki pasyone m?

  1. Ki kalite ou genyen

Kalite yon moun se yon pakèt eleman ki karakterize w, ki antre nan pèsonalite w epi fè w kontan epi fyè de moun ou ye a. Eskew  entèlijan, pasyan, onèt ? èskew renmen moun, renmen bay ? Pran tanw pou w pale ak tèt ou epi note tout bagay. Pa fè kè w sote si w ta wè lis lan long.

  1. Ki valè ou priyorize nan lavi w ? ekri yo

Valè se anpil prensip ou kwè ladan yo, ou respekte  epi w pare pou w goumen pou lòt moun kapab respekte yo tankou :libète,  lapè, lanmou, respè,entegrite, tèt ansanm, elt.

  1. Ki moun ki nan antouraj mwen ki enspirem m epi pou kisa ?

Nou gen anpil moun nan antouraj nou, nan mond lan ke istwa lavi yo enspire nou. Nou souvan pran yo pou modèl epi vle aji menm jan ak yo. Mounsa yo kapab ede n jwenn misyon lavi pa nou.

  1. Si w ta aprann w ap mouri pa two lontan oubyen mond lan tap fini, kisa w t ap fè ?

Kesyon sa si w pran san w reponn li ap ede w idantifye reyèlman kisa ki enpòtan pou ou epi  ki fè kè w kontan.

Depi jodia menm, chèche yon misyon pou laviw. Siw swiv konsèy nou yo, egzèsis la pap twò difisil. Lavi ka pi bèl siw konn ki kote ou vle ale.

Pa ezite pataje ak nou misyon ki bay lavi w yon sans. Ki misyon w nan lavi ?

Français