Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » KIJAN POU PALE POU YO TANDE W?

KIJAN POU PALE POU YO TANDE W?

“Kisa w tap fè si w pat pè ?

— Mark Zuckerberg

Pran lapawòl an piblik pa yon fenomèn ki fasil pou pèsonn. Sitou lè piblik lan gran anpil epi ou pa konn tout moun ki ladan. Epi Menm lè ou abitye fè sa, li kanmèm mande anpil preparasyon. Pou sila yo menm ki timid, se yon egzèsis ki souvan parèt konplike. Men, èske ou konnen pale an piblik se yon bagay ki esansyèl nan anpil domèn nan lavi a?

Sitou nan aktivite lidèchip w ap mennen nan kominote ou, ap toujou gen kote wap bezwen kominike vizyon w ak objektif ou ak moun ou fè ekip ak yo, bay opinyon w ak eksplikasyon sou yon aktivite ki dwe fèt, pataje konesans ou, kreye lyen, kenbe relasyon, elt. Pa gen lidèchip san kominikasyon. 

MEN KÈK KONSÈY OU KAPAB APLIKE POU KONBAT ESTRÈS OU LÈ W AP PRAN LAPAWÒL AN PIBLIK.

Prepare sa w pral di alavans

Li toujou bon pouw prepare diskou ou, fè rechèch sou sijè ou pral pale sou li a. Sa kapab mete w an konfyans paske ou konnen byen sa w ap di. Epitou l ap difisil pou yon moun koke chòt ou nan yon kesyon.

Si w vle, ou ka menm fè repetisyon lakay ou sou kijanw pral kanpe, ki jès ou pral fè,elt. Pa ezite ekri sou papye tout saw anvi di. 

Chache konnen ak kiyès ou pral pale

Lè w chache konnen ak kiyes ou pral pale, sa edew pi byen prepare sa w pral di a an fonksyon de moun ki pral tande w yo. Ou kapab poze tèt ou kèk kesyon tankou: Ki kategori moun? Fi? gason? Granmoun? Timoun? Kibò yo soti? Ki lang yo pale? Ki nivo detid yo? Elt.

Prepare rad ou pral mete

Fason ou parèt di anpil sou ki moun ou ye ak ki nivo enpotans sijè ou pral pale sou li a . Abiye nan fason ou vle piblik ou an rekonèt ou. Pa janm mete rad ou pa santiw alèz ladan yo.

Pa rive an reta

Pa rive anreta! Planifye byen yon fason pou evite tout ti detay ki ka fè w rive an reta: Soti lakay ou bonè, chèche konnen adrès kote ou gen randevou a davans, Mete nan valiz ou tout sa w ap bezwen (kle usb, kaye nòt, laptòp, plim, kreyon, elt.). Depi ou an reta, li pi fasil pou estrès ou ogmante.

Pale de sijè ki pasyone w

Lè w chwazi pale de sijè ki vrèman enterese w ou byen ke w konnen byen, li ogmante konfyans nan tèt ou, ou vin gen plis asirans pou depoze sou piblik la. Konsa, laperèz, estrès la ka disparèt ou pa menm rann ou kont, tèlman ou pèdi nan sa wap di a.

Fè tèt ou konfyans!

Yon fwa w anfas piblik la, mete nan tèt ou tout moun ki la, vini pou tande w epi aprann de ou menm. Pa fokis sou konpòtman yon endividi oubyen yon gwoup an patikilye. Fokis sou tout gwoup la. Lèw santi estrès ta vle monte w, respire epi kontinye. Di tèt ou, ou kapab dayè ou prepare sou sa.

Kounye a, ou gen tout cle yo nan men’w pou metrize estrès ou lè wap pran lapawòl en piblik. Mete konsèy sa yo an pratik siw vle vin yon gwo oratè. Pa bliye pataje atik la ak lòt lidè nan rezo w.

Nou envite w di nou nan kòmantè yo ki sekrè ou genyen pou konbat estrès ou lè w pran lapawòl an piblik, èske ou gen yon konsèy ki touche w plis ke yon lòt? Nap kontan fè deba sa ak ou

Français