Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » KATERINE VITAL, ANGAJMAN YON “CHANPYON LAKAY” NAN KOMINOTE L!

KATERINE VITAL, ANGAJMAN YON “CHANPYON LAKAY” NAN KOMINOTE L!

Katerine Vital, loreyat konkou “Chanpyon Lakay 2019” la, òganize nan dat 1 ak 2 novanm, yon seyans fòmasyon sou lidèchip. Plizyè manm nan Karina Compost Business (KCB) ki chita kòl nan Jakmèl te rive patisipe nan fòmasyon sa a.

Leadership CLE Haiti

Fòmasyon an te baze sou lidèchip , men tou, li te rive touche kèk pwen enpòtan pou yon jèn lidè kiltive. Tankou: jesyon konfli, metriz pesonèl. Yo te abòde tou, devlopman dirab nan domèn agronomi an.

Katerine fè konnen ke metodoloji patisipativ ke li jwenn nan fòmasyon ak CLE yo, edel anpil nan òganizasyon aktivite sa epi tou nan dewoulman fòmasyon an.

CLE Haiti

Selon Chanpyon Lakay 2019 la, manm yo te swaf aprann sa li te pataje yo. Yo temwanye li anpil rekonesans pou sa.

chanpyon lakay 2019

“Mwen te eksite pou pataje sa m te aprann nan CLE yo ak manm nan KBC yo. Mwen travay anpil pou fè kontni yo plis pafè ke posib. Mwen te vle byen reprezante CLE sitou.

— Katerine Vital, Chanpyon Lakay 2019


Katerine rive òganize aktivite fòmasyon sila nan yon kontèks sosyo politik ki difisil anpil, se egzanp lidè tankou Katerine nou bezwen pou mennen peyi nou sou ray devlopman an.

“Peyi lòk pa ka anpeche nou travay

— Katerine Vital, Chanpyon Lakay 2019

KCB se inisyativ Katerine Vital, etidyant memoran nan Agronomi, pou sansibilize plantè, espesyalman nan depatman Sidès, pou yo sèvi ak konpòs pou kapab pwodi manje kalite epi byo.

Français