Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Kisa m ka fè pou peyi m ?

Kisa m ka fè pou peyi m ?

Depi nan Liberasyon peyi nou anba esklavaj, nan lane 1804, zansèt nou yo te kite pou nou yon eritaj kouraj ak sakrifis ki pa gen parèy. Yo te mete tèt yo ansanm, san gade sou diferans yo, pou yo te ka kase chenn lesklavaj epi ba nou yon peyi lib. Se vre yo  mouri men yo kontinye ap viv toujou paske lespri yo toujou la, san yo toujou la, zèv yo toujou la. Kidonk, Ayiti ap viv toujou men l ap soufri. Li tonbe, li brize, li fann, li dechikte. Jodi a, lè n ap gade sitiyasyon Ayiti kote tout bagay parèt pou chire ak kraze, yon gwo kesyon pandye sou tèt chak pitit tè sa a: « Kisa m ka fè pou peyi m? » Reponn kesyon sa a pa yon senp chwa ankò, se yon devwa moral ak yon ijans nasyonal pou nou kapab retire peyi a nan twou kote l ye a. Ayiti se Manman nou. 

Se pa bagay ki fasil pou yon peyi ap mande pitit li yo : kote yo? Yon pitit ki renmen manman l toujou ap chèche yon fason pou l fè manman l kontan paske si li la toujou se paske manman l te toujou sakrifye l pou li, Ayiti se zantray nou tout, se rasin nou, se li jodi a, k ap rele nou nan chak ti souf li, k ap rete gade nou nan chak ti rega li, k ap tande nou ak tout atansyon l. Depi nan kat kwen zantray li, nan fon kè santiman l ak nan tout zòn lavil tankou andeyò l, kote lanmè fè bri, pale ak ri mwen gade lanmè a ak lespwa, yon jou lap jou. Chak fwa solèy la ap desann, kè n sere. N ap gade jèn parèy nou ap pati al chèche yon lavi miyò lòt bò dlo, paske anpil nan nou pa janm vle di ak fè anyen pou peyi a. Nou pèdi sèvo, nou pèdi memwa nou nan lòt peyi, nou pèdi fòs nou. 

Chanjman Ayiti bezwen an pap soti deyò; li dwe kòmanse nan men chak sitwayen atravè aksyon konkrè ak yon angajman san fay. Chak sitwayen yo dwe pran responsabilite yo epi pwovoke yon chanjman mantalite. Ou pa bezwen tann gen yon gwo tit, ni gwo lajan nan pòch ou pou w  kòmanse sèvi peyi w. Nou kapab respekte lalwa ak fòs lòd yo yon fason pou w pote kontribisyon w nan Peyi a. Paske yon peyi pa ka mache san disiplin. Se pou nou respekte kòd wout la , pa jete fatra nan lari, pwoteje byen piblik yo, etc. Modèl jès sa yo se premye pa pou montre lanmou pou patri a. Se pou nou refize kowipsyon nan fason nou pap ni bay ni aksepte pratik ki anpeche peyi a pwogrese. Entegrite nan sa n ap fè chak jou se baz yon sosyete solid ki chita sou konsyantizasyon ak edikasyon k ap pèmèt nou pwoteje tèt nou ak lòt moun atravè enfòmasyon ki senp, epi ankouraje timoun kou granmoun nan kominote a pou yo aprann epi konprann valè sivik yo. Peyi m bezwen patisipasyon  m nan kominotè a ki se fòs akonpanyeman ak solidarite pou yon lòt Ayiti. Jefò nou ki chita sou òganize konbit pou netwaye katye, plante pyebwa pou pwoteje anviwònman an, ak ranje ti espas ki kraze nan vwazinaj la, se yon fason w dwe pran inisyativ nan ti kwen kote w ye pandan  wap gade alantouw. Se yon patisipasyon nan lavi sosyal, ekonomik ak politik se vrèman yon fason pou reponn ak entèwogasyon sa a « Kisa m ka fè pou peyi m? ». Kreye rezo solidarite ant vwazinaj pou veye sou tèt nou, pataje enfòmasyon, epi sipòte fanmi ki pi fèb yo nan moman difisil. Achte pwodui peyi a pou ankouraje agrikilti ak ti antrepriz lokal yo. Lè n achte lakay, nou kreye travay pou frè ak sè nou yo. 

Peyi n nan pap chanje ak gwo diskou sèlman, se ak aksyon chak jou chak ayisyen. Menm jan zansèt nou yo te fè pa yo a nan batay pou libète a, jodi a batay pa nou an se pou rekonstriksyon, dignite ak lapè. Lè chak sitwayen konprann wòl li epi li deside aji nan kominote l, n ap kapab retire Ayiti nan sitiyasyon sa a epi bati yon pi bon demen pou jenerasyon k ap vini yo. Angaje tèt ou san w pa vann konsyans ou, pa kite pèsòn fè w kwè ou twò piti pou w chanje bagay yo. Pataje konesans ou, poze kesyon yo, mande rapò ak respè, epi refize antre nan jwèt koripsyon ak divizyon k ap fini ak lavni w. 

An nou sipann mande kisa Ayiti ka fè pou nou. Ann leve kanpe, ak kè poze epi yon volonte ki pi solid pase wòch nan mòn Krètapyewo pou n di : « Men mwen, mwen pare pou m sèvi peyi m ».

Hans Karlency JULES

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
2
🎉
0
🙌
2

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.