Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Yon ti jès pou lavni : lè jèn yo chwazi aji pou kominote yo

Yon ti jès pou lavni : lè jèn yo chwazi aji pou kominote yo

Èske nou dwe toujou tann yon lòt moun vini ak solisyon lè gen yon pwoblèm nan kominote nou ? Kisa nou kapab fè poukont nou ? Se nan lide sa yon gwoup jèn ki soti nan plizyè depatman, deside lanse yon inisyativ pou ede timoun yo nan peryòd rantre lekòl la. Se apre yo te konsate difikilte kèk paran ak timoun ap rankontre pou prepare retou lekòl la yo te deside lanse aksyon sa.

Pou Senphara, premye etap la se te yon refleksyon sou fason yo menm, kòm jèn, te kapab kontribye menmsi yo pa genyen gwo mwayen. Midza kore deklarasyon sila, lè li eksplike : « Nou pa vle rete ap gade pwoblèm timoun yo, men nou vle aji ansanm. »

Se konsa bezwen an vin mennen volonte pou aji paske pou jèn yo, edikasyon se yonn nan baz ki kapab pèmèt yon timoun devlope potansyèl li epi prepare lavni li. Yo konsidere edikasyon kòm yon motè chanjman pou sosyete a epi kòm yon dwa fondamantal pou chak timoun. Lè yon timoun gen materyèl li bezwen pou ale lekòl, sa kapab ba li plis posiblite pou l aprann epi prepare avni li. « Chak timoun merite gen yon chans pou aprann, reve epi prepare avni li. », sa Midza deklare. 

Objektif inisyativ la se rive sipòte 200 timoun nan chak depatman.

Men aksyon an pa limite ak materyèl yo pral distribye, li se tou, yon fason pa yo pou montre yon kominote kapab reyini resous li yo pou reponn ak yon bezwen ki manifeste. Pou montre yon ti jès ki kapab pote yon gwo enpak. Senphara deklare : « Nou aprann lè nou mete tèt ansanm ak resous nou genyen, nou ka fè gwo bagay », Dapre li, eksperyans lan montre solidarite kominotè a toujou la.  Midza ale nan menm sans lan lè li ensiste pou di yon moun pa bezwen gen anpil resous pou l kòmanse. Li ka kontribye ak tan li, vwa li, lide li oswa kapasite li genyen pou mobilize lòt moun.

Angajman sitwayen pa vle di ranplase Leta. Pale de inisyativ sitwayen pa vle di retire responsabilite Leta. Leta gen yon wòl fondamantal pou jwe nan garanti aksè ak edikasyon ak nan mete an plas politik piblik ki kapab reponn ak bezwen popilasyon an. Men sa pa anpeche sitwayen yo ak sosyete sivil la mete men ansanm pou chanje sa yo kapab, lè kontèks la mande sa.

Senphara di sa klè : « Leta gen prensipal responsablite pou rann edikasyon ak sèvis de baz yo aksesib, men sosyete sivil la ak sitwayen yo gen yon wòl pou yo jwe tou. »

Lè yon sitwayen wè yon difikilte epi li chèche fason pou l kontribye nan solisyon an, li ap egzèse yon fòm responsablite anvè kominote li.

Lidèchip se sa tou epi se yon gwo pa nan konstriksyon sosyete nou vle genyen an.

Ketsia Sara DESPEIGNES
Leonaldo CHERY

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

CLE HAITI
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.