Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » Kòman evolye nan yon rezo kapab ede w nan lavi pwofesyonèl ak pèsonèl ou?

Kòman evolye nan yon rezo kapab ede w nan lavi pwofesyonèl ak pèsonèl ou?

Rezotaj se yon zouti ki ede n devlope relasyon ki nan enterè nou ak moun n ap devlope relasyon ak li a. Lè n fè rezotaj, nou etabli bon jan relasyon nan objektif pou n diskite e pataje konesans, soutyen, rekòmandasyon, referans ak enfòmasyon; epi fè prezantasyon youn ak lòt. Se yon eleman enpòtan nan konstriksyon karyè pwofesyonèl tout moun, e se yon mwayen pou akselere karyè w. Kèlkeswa metye ou ta anbwase, li nesesè pou w konstwi rezotaj ou. 

Kisa rezotaj la ye?

Anvan nou ale pi lwen, n ap mete n dakò sou kisa rezotaj pa ye. Gen anpil erè ou ka evite fè gras ak konsèy sa yo nou pote pou ou. Devlope rezo nou pa vle di :

- Itilize moun mal

- Pale anpil nan baz

- Byen ak moun pou move rezon ou byen ak move entansyon

- Rantre nan lavi prive moun

- Bay kèk moun lanmen nan yon reyinyon epi pa pran kontak yo ni pa fè swivi ak yo

- Ranmase anpil kat vizit san fè anyen ak yo

An gwo, relasyon nan yon rezo pa jis pou fè wè, pou bèbèl. Li mande anpil senserite ak jenerozite. Si w byen itilize rezo w, ou ka rive fè sa ou pa menm gen konpetans teknik ou byen mwayen pou fè. 

Ou ka benefisye plizyè avantaj, tankou:

  • Genyen oubyen ranfòse vizibilite w antanke ekspè nan yon domèn kèlkonk.

Ou vin benefisye kontak ak vizibilite tout moun ki nan rezo w. Sa ede plis moun dekouvri kiyès ou ye epi konnen kisa w ka fè.

  • Travay sou pwojè w pandan w ap benefisye seyans Mantora pratik sou sektè ki entèrese w yo.

Seyans “coaching” moun ki pi eksperimante pase w, ap ede w devlope karyè pwofesyonèl ou. Konsèy yo ap itil pou w defini pwojè w pi byen, epi trase fèy wout ou dwe pase pou w rive kote w vize a.

  • Rankontre kèk rekritè ou byen patnè potansyèl.

Kontak ou genyen nan rezotaj ou kapab ede w fè konesans ak moun k ap rekrite pou travay ou byen lòt opòtinite biznis. Moun ki antoure w kapab yon pon ki relye w ak yon anplwayè oubyen yon enstitisyon.

  • Konnen opòtinite travay ki genyen sou mache a , pozisyone w avan konkiran w yo.

Pou w jwenn estaj, fòmasyon oubyen travay, fòk ou konnen ki kote sa w ap chache a disponib. Rezotaj se youn nan mwayen ki ede w konnen opòtinite sa yo. Se yon mwayen anplis pou w konnnen sa k ap pase sou entènèt la, nan antrepriz yo oubyen nan òganizasyon yo.

KÈK LIDE POU BATI BAZ REZOTAJ OU:

Gen divès fason ou ka itilize pou entegre ou fòme ou menm pwòp rezo pa w. Men 3 pwen sa yo ap ede w demare pi vit :

  • Genyen yon plan aksyon klè

Konnen ki objectif ou? Poukisa ou vle evolye nan yon rezo? Nan ki aspè ou bezwen èd? Prepare entèvansyon wap gen pou fè pou prezante tèt ou, aktivite w la.

  • Itilize rezo sosyal yo, tankou Facebook, Twitter, LinkedIn ak Instagram.

Nan 21e syèk sa kote teknoloji pran anpil plas nan fonksyonman tout moun,. yon kont ki kreye sou chak aplikasyon sa yo ap ede w rete soude ak tout kalite pwofesyonèl, anbochè, oubyen nenpòt kad ki ap travay nan domèn ou entèrese ak li a, epi montre travay ou ak plis moun ki ka enterese.

  • Patisipe nan divès fòmasyon ou byen evènman ki gen rapò ak domèn w ap evolye a.

Lè w patisipe nan fòmasyon, seminè, kòlòk ou byen jounen pòt louvri sou domèn ou ap evolye a, sa ede w fè rankont epi tabli kontak ak moun ki nan menm domèn avè w.

  • Kreye yon kat vizit.

Kat vizit ede moun dekouvri w epi konnen kòman pou yo kontake w lè yo gen bezwen w, swa nan telefòn, nan imel, oubyen nan adrès kay ou.

Si w se yon moun k ap fonksyone poukont ou, epi ou ta renmen evolye nan yon rezo pito, ou kapab rejwenn kèk asosasyon ak kèk moun ki nan menm domèn aktivite avè w. W ap benefisye lespri travay an gwoup, yon lis kontak entèresan, e w ap rankontre lòt antreprenè ki kapab gen bezwen konpetans ou. 

ENTEGRE REZO LIDÈCHIP CLE A 👇🏾

Se pou sa nou ankouraje w entegre rezo lidèchip CLE a. Anpil moun jounen jodi a rive kanpe oubyen ranfose bizinis yo, inisyativ kominotè yo gras ak sipò rezotaj CLE a ba yo. Swa nan kad pwogram nou yo: Konbit Jèn, Chanpyon Lakay, Pote kole_19, Fanm Angaje. Rezotaj CLE a ede yo jwenn bon jan fòmasyon ak ankadreman pou mete kanpe oubyen devlope aktivite yo, epi poze bon jan aksyon k ap devlope kominote yo. 

Jounen jodi a, Rezo a CLE a gen plis pase 2400 gason ak fanm ki blayi nan tout 10 depatman peyi a, k ap milite kòm lidè nan kominote yo e ki kanpe biznis yo nan zòn yo.

Men ki jan w kapab entegre rezo CLE a:

  • Pataje enfòmasyon w yo nan yon fòmilè enskripsyon
  • Swiv yon seyans oryantasyon sou filozofi ak valè CLE yo..
  • Patisipe epi reyisi ak pou pi piti 70% yon fòmasyon ABCD ak Lidèchip pandan 2 jou.

Ou ka peze sou lyen sa pou aplike pou vin manm rezo lidèchip CLE a

Bati rezotaj ou se konstwi karyè w! Eske ou fè pati yon rezo? 

Français