Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » 10 SITASYON POU TOUJOU RETE MOTIVE

10 SITASYON POU TOUJOU RETE MOTIVE

Yon lane ale, youn tou nèf antre. Se moman pou rive gade tèt ou, ki kotew ye, ki kote ou vle ale. Nan komansman yon ane, li toujou bon pou konnen ki objektif wap pouswiv. Yo rele moman sa yo « bon rezolisyon ». Men adjye, chwazi objektif yo pa vle di ke w ap toujou kenbe yo. Dapre etid ki fèt, plis ke 80% bon rezolisyon yo echwe. Moun ki te di yo pral fè plis espò, sila ki te di yap fokis sou travay yo, manje pi byen, aprann yon nouvo metye, boutofen yo bliye bagay sa yo kèk jou apre — pa menm kèk semèn oswa kèk mwa.

Konsa tou, lè ane a kòmanse pran chè, ou ka dekouvri ke bagay yo pa fasil. Jan ou te panse travay ou ta pral fè yo prale vit se pa sa, ou ap rankontre difikilte ou pat prevwa. Ou gen tandans lage sa, epi ou kite dekourajamn anvayi w.

Konnen ke moman difisil yo kache anpil fwa gwo viktwa. Anpil nan istwa siksè yo komanse ak yon pati echèk. Men si w abandone avan sa se ou ki pèdi.

Nou swete ou kenbe motivasyon w fèm pou reyisi pwojè w yo pou 2019 la. Men 10 sitasyon ki ka ede w rete motive lè w anvi lage sa.

  1. Antere tout sa ki ka koze echèk ou si w pa vle reyisit ou mouri.
  2. Pa janm di « mwen gen tan toujou » oubyen « yon lòt fwa» paske se sa ki pral koz li « twò ta »
  3. Diferans ki genyen ant posib ak enposib chita nan detèminasyon kap dòmi nan ou. Plis ou detèmine se plis tout bagay posib pou ou.
  4. Lè w tansfòme laperèz ou an kouraj pèsonn pap ka kenbe w.
  5. Lè yo ba w chans pou aprann deside pran l.
  6. Ou se sèl limit tèt ou. Pa limite defi yo. Defye limit yo pito.
  7. Obstak se yon bagay moun wè lè li retire zye l sou objektif li.
  8. Sispann konstwi sa k ap detwi w.
  9. Pa janm kite perèz pran desizyon nan plas ou.
  10. Adapte w ak reyalite w pandan w ap kontinye travay pou reyalize rèv ou.
Français