Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » KENBE YON ATITID CHANPYON!

KENBE YON ATITID CHANPYON!

Kijan pou pran opòtinite ki prezante devan w ?

Nan lavi gen moman kè kontan konsa tou  gen moman tristès. Anpil fwa moman tristès yo pote plis eksperyans pou nou. Men sa pral depann ki atitid nou adopte  fas ak pwoblèm yo. Chak pwoblèm ou rankontre, chak pòt ki fèmen se yon chans pou aprann sou lavi oubyen sezi yon lòt opòtinite.  Chak opòtinite w sezi se yon chans pou w amelyore moun ou ye a epi tou gen kalite moun ou vle vin ye demen. Nan chak opòtinite ou gen kapasite soti chanpyon kelkeswa jan sa pase. Jodia CLE envite w pou w kenbe yon atitid chanpyon. Men kèk konsèy nou pote pou ou sou kijan ou kapab pran opòtinite ki prezante devan w.

1.     Fè rechèch sou entènèt

Entènèt se yon bon mwayen pou chèche opòtinite. Anpil òganizasyon ak enstitisyon itilize mwayen sa pou yo lanse òf yo genyen.  Opòtinite sa kapab  vin sou tout fòm : yon konkou ki lanse, yon bous detid lokal oubyen aletranje, yon kou w kapab aprann gratis nan yon lekòl pa mwayen entènèt, yon staj ki kapab ba w plis eksperyans, yon konferans en liy, yon travay elt. Se ou menm ki pou chèche epi pran sa kap bon pou lavi w.

2.     Bay tèt ou abitid pou w pran risk

Pou w pran opòtinite ki prezante nan lavi w,  fòk ou pa pè pran risk. Fòk ou gen ase kouraj pou w antreprann yon aktivite ki kapab gen anpil avantaj pou lavi w. Kèk fwa tou nou pè echwe. Sa kapab anpeche nou pran risk epi pwofite de yo nan bon moman. Pito w eseye, ou pa reyisi olye w pa esye ditou. Remò kapab tiye w.

3.     Depase limit ou

Anpil fwa se nou ki limite tèt nou epi nou kache dèyè yo pou nou pa wè reyalite a anfas. Ou kapab fè plis pase sa w panse w ka fè. Ou sèlman bezwen sòti nan zòn konfò ou, kwè nan tèt ou  epi poze aksyon.

4.     Pa fè neglijans ni parès

Youn nan pi gwo enmi nou kapab gen nan lavi nou se neglijans oubyen parès. Nou souvan kite sa nou dwe fè jodia pou demen. Epi se gade n gade jou bare nou. Zewo neglijans nan sa ki gen rapò ak pwofite opòtinite ki prezante nan lavi nou. Chak opòtinite gen moman li. Si nou pa pwofite pran yo nan bon moman nap rate yo.

5.     Chèche konsèy ak sipò nan men antouraj ou

Souvan nou pèdi opòtinite yo akòz nou manke enfòmasyon. Li tap bon si nou chèche konsèy nan men moun ki fè eksperyans sa yo deja, oubyen  pa neglije kontakte enstitisyon k ap bay opòtinite a pou plis detay.

Français