Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » DEVLOPE POTANSYÈL LIDÈCHIP OU

DEVLOPE POTANSYÈL LIDÈCHIP OU

KEK ESTRATEJI POU DEVLOPE LIDÈCHIP LAKAY YON LIDÈ

Anpil fwa nou konfonn lidèchip ak pouvwa. Nan tèt nou, nou souvan panse yon lidè se yon moun ki nesesèman dwe gen yon bagay l ap dirije oubyen gen anpil moun ki anba lòd li. Li pa toujou konsa. Yon lidè se yon moun ki renmen pran inisyativ poukont li, ki pa oblije tann lòd yon moun pou li aji lèl dwe aji.

Jodia nou pote kèk konsèy pou ou sou kijan ou menm ou kapab devlope potansyèl lidèchip ou.

1)Devlope yon atitid pwoaktif

Lè yon moun pwoaktif se lè li pa kontante l sèlman fè sa yo mande l fè ni li pa oblije tann yon lòd pou li aji. Se vre, li pran responsablite  l nan tout sa yo mande li fè men tou Li renmen pran inisyativ. Epi li fè sakrifis pou li reyisi inisyativ li pran yo.

2) Pa janm bouke chèche leve defi

Si w vle devlope potansyèl lidèchip ou, ou pa dwe moli devan difilte ak pwoblèm. Okontrè ou dwe konsidere chak obstak ou rankontre tankou yon defi pou leve. Chak obstak dwe aprann ou yon bagay nouvo ki kapab ede w grandi pèsonèlman epi enspire lòt moun.

3) Aprann leve nivo a

Yon lidè se yon moun ki bay tèt li gwo objektif. Se pa yon moun ki janm kontante l fè strik minimòm pou li atenn objektif li. Se vre lè w fikse tèt ou objektif ki difisil pou reyalize sa kapab pote strès lakay ou, men, ou dwe konnen anyen pa fasil. Pa gen reyisit san sakrifis.

4) Swiv egzanp kèk bon lidè ou konnen

Ou pa kapab rive pou kont ou. Ou bezwen moun ki pou baw jarèt. Pou sa rive fèt, ou sipoze chèche moun ki kapab ba w bon konsèy nan travay ou gen pou w fè. Yon mantò ki kapab kotche w, baw plis teknik ki kapab pèmèt ou grandi.

5) Elabore yon bon plan men sitou AJI

Pagen anyen ki pi demotivan pase rete san fè anyen. Menm jan pwovèb kreyòl lan di l, “se gou sòs ki mete lang deyò” . Kidonk ou bezwen elabore yon plan stratejik pou tout sa ou gen pou fè. Men tou, ou dwe sispann mize ap tann bon moman pou w aji. Bon moman an se KOUNYEA a.

Français