Aller au contenu

CLE HAITI

Accueil » KIJAN POU LANSE EPI FINANSE PWÒP BIZNIS AK AKTIVITE W?

KIJAN POU LANSE EPI FINANSE PWÒP BIZNIS AK AKTIVITE W?

Nenpòt kote sou latè, lanse yon biznis pa fasil. Sitou nan peyi nou. Premye ak pi gwo pwoblèm yon moun  kapab rankontre lè l ap kreye yon antrepriz oubyen mete yon inisyativ sou pye se jwenn lajan pou finanse l. Se yon etap ki difisil anpil. Men èske w konn metòd ki rele grès kochon kuit kochon an? Nan lang anglè yo rele teknik sa BOOSTRAPPING. Se lè ou demele w pou jwenn pwòp resous ou  pou lanse yon biznis. Pou kòmanse ou kapab san yon goud men ak entèlijans ou, pèseverans epi devouman w reyisi pwojè w la.

Men kèk konsèy CLE pote pou ou sou kijan ou kapab lanse epi finanse pwòp biznis ak aktivite w.

1. Pa kouri remèt demisyon w nan travay ou ye a

Anpil moun fè erè sa lè yo anvi kreye pwòp biznis pa yo, yo kite travay yo te gen deja. Pa kouri abandone pou yon bagay ki poko menm materyalize. Ou sipoze kenbe ti degaje ki pèmèt ou rantre ti tchotcho chak mwa, oubyen chak kenzèn nan sitou si w gen madanm ak pitit pou w pran swen. Li tap pi bon siw te kapab jwenn yon degaje ki pa pran tout tan w yon fason pou w kapab pi byen reflechi sou ide biznis ou a.

2. Kreye yon plan pou biznis ou

Anvan menm ou lanse yon biznis, li t ap bon anpil pou eseye mete tout ide w sou papye. Gade kijan biznis sa pral pèmèt ou rantre yon ti lajan. Ou sipoze konnen kiyès ou pral vann nan biznis la, konbyen kòb yon moun ap bezwen pou vin achte, ki fason biznis ou pral ofri yon sèvis ki diferan, ki inovasyon ki pral genyen nan sèvis ak pwodui  w pral ofri moun k ap vin achte yo, kiyès ki rival ou, èske w ap kapab ofri yon sèvis oubyen yon pwodui ki mwen chè oubyen ki pi bon pase konkiran w yo ? Si pwen sa yo pa klè nan tèt ou, poko kouri lanse biznis la.

3. Fè yon ti bidjè

Li nesesè pou w gen yon ide konbyen kòb sa ap koute w pouw lanse biznis la. Bidjè sa sipoze gen ladan tout eleman ak pri yo ou twouve ki nesesè pou demare biznis la, fèl fonksyone epi satisfè kliyantèl ou pral sèvi a. Pa fè granpanpan. Ou sipoze gen yon bidjè ki rezonab.

4. Chèche epi sezi opòtinite ki gratis pou fòme tèt ou oubyen ki pa chè

Li enpòtan pou w konnen si w gen konpetans pou lanse biznis ou vle a sinon fè tout mwayen posib pou w fòme tèt ou sou tip biznis ou vle lanse a anvan w mete l sou pye. Plis ou gen konpetans biznis ou mande, mwens ou bezwen moun ki pou ede w pou w kòmanse. Chèche kote ki bay fòmasyon gratis sou entènèt, oubyen lekòl ki pa peye twò chè.

5. Chèche itilize resous ou genyen deja

Anpil fwa nou itilize tout enèji nou pou nou fokis sou kijan n pral jwenn lajan pou achte materyèl oswa peye moun ki pou ede w lanse biznis ou vle a. Ou sipoze pi entèlijan epi pi kreyatif. Si w kapab kòmanse l poukont ou, pa gen pwoblèm. Men  anvan w kase tèt ou, gade nan antouraj ou si w pa gen moun ki gen konpetans w ap chèche yo ki kapab ede w san w pa bezwen anpil lajan. Ou kapab ofri moun sa yo yon òpotinite pou grandi ak biznis ou an.  Li pa evidan men li pa enposib nonplis. Konsa tou, ou kapab itilize materyèl ou gen deja tankou kay ou, machin ou, òdinatè w pou w kòmanse biznis lan.

6. Pa neglije fè moun pou biznis ou

Pa bliye devlopman biznis ou an pa depann sèlman de lajan men tou de kliyantèl ou, moun ki pral vin achte oubyen vin pran sèvis nan biznis la. Kidonk fokis lan sipoze rete sou yo plis toujou. Ou kapab chwazi kreye yon paj pou biznis la sou entènèt gras ak rezo sosyo pou fè moun konnen w. Konsa tou, ou kapab pale de biznis la sou pwop paj pèsonèl ou. Sonje plis ou fè moun konnen biznis la, plis ou gen chans jwenn plis kliyan epi plis moun ki enterese envesti nan biznis la.

Français