Skip to content

CLE HAITI

Home » Jovie Green : Yon vizyon pou yon kominote

Jovie Green : Yon vizyon pou yon kominote

Gwo reyalizasyon yo pa souvan kòmanse ak gwo kapital. Pafwa, sa ki pi enpòtan se gen kouraj pou fè premye pa a, kapasite pou rasanble moun bò kote lide w la, mobilize epi byen itilize tout resous ki disponib, ansanm ak volonte pou ou pa abandone. Men, pi lwen pase sa, se kapasite pou konprann ke yon lide ka grandi pi byen lè li chita sou fòs ak kontribisyon yon kominote. Se egzakteman sa pakou jèn antreprenè sosyal sa montre nou.


Rive mete antrepriz li sou pye pa t fasil pou Jovana men li te kapab konte sou kapital sosyal li ki te yon pwa lou nan balans lan. Li te jwenn sipò yon seri moun ke li te konekte ak yo. Li site : rezo li, sipò fanmi, kolaborasyon ak agrikiltè lokal yo.
« Mwen te patisipe tou nan fòmasyon ak konkou pou m jwenn plis konesans, vizibilite ak kèk finansman. Mwen ekonomize, mwen itilize materyèl kizin lakay mwen an atandan mwen achte pou biznis lan, chak ti finansman mwen jwenn te kontribye nan ede m prepare yon espas lakay mwen epi achte materyèl pou m pwodwi plis e pi byen».


Jovana pa t ezite prezante vizyon li ak anpil kè kontan lè l ap patisipe nan evènman sou antreprenarya yo. Sa te ede l rive konvenk anpil moun ki pa t toujou kapab bay kòb, men ki te ba li rezo yo, konesans yo ak materyèl pou yo avanse ak antrepriz li a. Se konsa li ta pral rive kreye Jovie Green.


Aspè sa nan eksperyans lan ede nou konprann pafwa, se pa yon sèl moun ki bati yon antrepriz. Se yon ansanm : moun, relasyon ak opòtinite ki ede yon lide pran rasin epi grandi. Nan ka Jovana, sipò, konesans ak fòmasyon, tout te jwe yon wòl nan konkretizasyon vizyon li a.


Pou responsab Jovie Green lan, yon biznis pa ta dwe kreye pou fè lajan sèlman. Kesyon an ta dwe pito kijan w ap kapab fè lajan pandan w ap pote solisyon ki kapab amelyore lavi moun nan kominote a. Se pou rezon sa li te fòme tèt li nan Pwogram Angaje CLE a, kote li pa t sèlman aprann devlope yon plan biznis, men tou kijan pou l transfòme yon lide biznis an yon misyon ki kapab kreye enpak dirab sou lavi moun.


Pandan li ap ede pran swen po natirèlman, antrepriz la ap chèche reponn ak plizyè defi ki touche kominote li ladan an. Li konbat gaspiyaj agrikòl ak pèt aprè rekòt, kreye plis opòtinite pou agrikiltè jwenn mache pou pwodwi yo, ankouraje sekirite alimantè epi kontribye nan kreyasyon travay nan Grandans. Jovie Green ofri tou, anbalaj, resipyan biyodegradab ak sa ki kapab itilize ankò pou ede nan pwoteksyon anviwonman an. Jovie Green kwè inovasyon ak disiplin kapab ede kreye plis valè ekonomik ak solisyon ki benefisye tout yon ekosistèm, nan yon depatman ki pwodui anpil richès agrikòl.


Poutan, bagay yo pa t kòmanse tou woz pou Jovie Green. « Pi gwo difikilte yo se te mank finansman ak difikilte pou reponn ak gwo kòmand yo.» Men Jovana te jwenn yon solisyon : li te adapte pwodiksyon an swivan resous ki te disponib yo, postile nan pwogram enkibasyon ak finansman pou ranfòse kapasite l nan Jesyon Biznis ak Jesyon Moun epi achte kèk materyèl pou pwodwi plis. Paske te genyen gwo difikilte tou pou kliyan frekante espas la, li delokalize pwodwi yo, mete yo nan makèt ak nan lòt biznis distribisyon pou l vann yo epi pèmèt kliyan yo jwenn pwodwi pi fasil, divès kote.


Deside elaji pwen distribisyon yo, pa t sèlman nan lide pou ogmante lavant. Se te tou yon fason pou rann pwodwi yo pi aksesib pou kliyan yo pandan plis koneksyon ap kreye ant antrepriz la, konsomatè yo ak lòt biznis lokal yo.
Aprè tout difikilte sa yo, Jovie Green te kontinye travay plis pou pote pi bon rezilta ak enpak sou kominote a.
« Nou deja achte rekòt nan men plizyè agrikiltè nan Gran Sid la. Nou genyen kounye a pwòp espas pwodiksyon nou, avèk yon ekip ki motive. Nou genyen mache nan Grandans, Sid ak Nò peyi a. Ekip nou fòme plizyè moun nan transfòmasyon agroalimantè ak fabrikasyon pwodwi kosmetik natirèl. »


Jodi a, pakou Jovie Green lan se rezilta yon seri moun ki konekte yonn ak lòt atravè yon menm chèn valè
Li montre se pa sèlman nan kantite pwodwi li vann oswa kantite lajan antrepriz li jenere yo mezire enpak yon antreprenè. Yo kapab mezire li tou nan kantite moun ki jwenn opòtinite, kantite relasyon ki kreye, epi nan fason kominote a grandi ak antrepriz la.


Jèn antreprenè Jovana gen yon mesaj pou tout jèn parèy li, sitou fanm ki gen yon bèl lide biznis k ap dòmi nan tiwa :
« Premye bagay la se genyen konfyans nan tèt ou, ouvè pou aprann paske biznis nesesite konesans pou l devlope, chèche fòme tèt ou plis sou fason pou lanse biznis, jere lajan, ekip ou, tande retou kliyan yo sou sèvis oubyen pwodwi w pou ka pote amelyorasyon nesesè yo.»


Jovana kwè ou pa bezwen tann tout kondisyon yo reyini. Ou kapab kòmanse ak sa w genyen epi itilize resous ki genyen nan antouraj ou. Li konseye jèn yo tou pou yo aprann apre erè yo epi eseye ankò pou yo kapab amelyore.
«Antoure w ak moun ki kwè nan lide w epi ki ka sipòte w. Chak gwo antrepriz te kòmanse ak yon premye pa, oze franchi premye pa ou a pou w pote solisyon ki pral enpakte lavi w ak kominote w.»


Istwa sila montre nou yon lide ka kòmanse nan tèt yon sèl moun, men se ansanm ak lòt moun li ka pran fòs epi fè plis enpak. Avèk vizyon, detèminasyon ak kolaborasyon yon antrepriz kapab grandi pou vin yon gwo resous nan yon kominote, nan yon peyi.

Leonaldo CHERY

😀
0
😍
1
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

1 thought on “Jovie Green : Yon vizyon pou yon kominote”

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

CLE HAITI
Privacy Overview

This website uses cookies so that we can provide you with the best user experience possible. Cookie information is stored in your browser and performs functions such as recognising you when you return to our website and helping our team to understand which sections of the website you find most interesting and useful.