Yonn nan gwo fòs yon peyi genyen, se kapasite sitwayen l yo genyen pou yo byen eksplwate ak jere resous peyi a. Pou sa, nan sosyete yo, mo sitwayen an makonnen ak yon seri devwa pou bon avansman kominote a.
Nan lide pou pi byen konprann lyen ki genyen ant sitwayen yo, respè devwa yo ak devlopman sosyete yo ladan l lan, 4 moun nan plizyè domèn, te reponn kesyon nou sou devwa sitwayen:
Nan atik sa a, Pierre Widena Kettia, kodonatris ODDEF,
Chadley Jean-Philippe, Sosyològ ,
Telfort Evenson, profesè,
Gayoul Geffrard, reponsab pwogram nan rezo CLE Latibonit epi fasilitatè konbitè, pral ede nou konprann pèsepsyon ak lyen ki egzite ant angajman sitwayen ak developman peyi Dayiti.
Anfen, nou pral gade tou, nesesite ki genyen pou ranfòse kapasite enstitisyon nou yo pou yo kapab pi byen transfòme sosyete a.
Kisa devwa vle di pou yon sitwayen ?
Pierre Widena Kettia, kodonatris ODDEF, yon òganizasyon fanm, te defini devwa konsa : “Yon devwa se sa tout yon sitwayen dwe fè pou li asime responsablite li fas ak sosyete a”. Yon lòt kote, dapre profesè Telfort Evenson, devwa se tout sa ou dwe fè kòm aksyon ki pap deranje dwa lòt moun, ni vyole prensip sosyete a tabli.
Tout sitwayen gen devwa anvè sosyete a. Sitou nan moman sila a, kote peyi nou ap fè fas ak yon kriz nan tout nivo. Ekriven ayisyen Fritz Gerald Chery rele sa : kriz pèmanan. Kriz pèmanan an, dapre ekriven an, se yon moman kote sosyete ayisyen ap fè fas ak yon pil difikilte ki enpeche sitwayen yo poze pwoblèm kolektif yo kòm sa dwa.
Nan yon kontèks konsa, ki wòl sitwayen an nan prosesis pou rezoud pwoblem sosyal yo ? Gayoul Geffrard, ki se reponsab pwogram nan rezo CLE Latibonit epi fasilitatè konbitè, deklare: sitwayen an anchaj pwoblèm sosyete a, e se devwa li pou li chèche pi bon estrateji pou amelyore kondisyon kominote li.
E developman an menm nan kontèks sa?
Nan yon kontèks tankou Ayiti, tèm developman an kapab parèt flou nan imajinè kolektif la. Koman devlopman kapab fèt ? Sosyolog Chadley Jean-Philippe kwè gen yon lyen ki egziste antre sitwayen yo ak developman. Nan apròch li an, li fè apèl ak yon lòt fòm politik pou favorize sa. Yon politik ki chita sou pwomosyon enterè kolektif. Nan ka Ayiti ki se yon sosyete demokratik, li pale de enpotans patisipasyon tout sitwayen nan fè bon chwa moun ki kapab reprezante yo .
Pou n rezime, yon bon sitwayen konsyan li gen responsabilite pa l nan pran bon jan desizyon pou amelyorasyon lavi nan kominote l. Genyen 2 tip sitwayen : sitwayen aktif ak sitwayen pasif. Sitwayen aktif lan, se yon moun ki enplike li nan lavi piblik nan kominote li. Jounen jodi a, ann Ayiti, nou gen nesesite pou nou ta genyen anpil bon sitwayen aktif, ki prè pou patisipe nan tout aktivite piblik. Tout aksyon sila yo pral debouche sou bon jan plan ki kapab mennen developman. Paske, tank bon sitwayen kapab rive pi lwen, pi wo nan echèl angajman an, se tank peyi a ap pwoche pi pre chanjman nou vle a.
Michano Fontiche

