Pafwa, gen kèk mo ki konn parèt lou nan zòrèy moun. Antreprenarya se yonn nan yo. Nan premye seminè Pwogram Angaje 2026 la, 38 % patisipan yo te reponn kesyon nou yo nan yon evalyason preliminè. Yo te eksprime lide lè yo vle lanse yon biznis, yo plis panse echèk pase siksè. Se vre, antreprenarya ta sanble yon konsèp ki entimidan : chif, plan konplike, gwo envestisman, gwo risk. Pami youn nan blokaj yo te mansyone, mank finansman parèt anpil.
Poutan, pandan premye seminè rezidansyèl kowòt la, lide sa te kòmanse chanje. Rezon ki fè sa: avan menm yo te deplase vin nan seminè a, yo te genyen yon defi pou yo leve nan kominote yo. Se te kondisyon sa ki te pase ant yo, ak fasilitatè yo. Defi a te senp: lanse yon aktivite ekonomik ak sa yo genyen nan men yo, yon semèn anvan seminè a kòmanse.
Christelle pa t vrèman konnen kisa eksperyans lan t ap bay. Men li te deside eseye. Byen vit li te fè remak sa: “Moun yo nan travay mwen konn bezwen pran yon ti goute, men pa gen anpil chwa. Pa gen machann manje kuit, ni bagay lejè”. Christelle te deside ofri yon opsyon : pistach griye.

6,400 goud: 5 mamit pistach, chabon, sèl, sachè… Li prepare yo, epi kòmanse vann. Biznis lan lanse. Pa t gen gwo estrikti. Pa t gen gwo kapital. Men te gen yon bezwen ki egziste ak yon moun ki te dispoze pote yon repons ak bezwen sa. Nan espas yon semèn, tout estòk la te vann.
“Mwen vann tout estòk la nan 5 – 8 jou epi mwen fè plis pase 4,000 goud benefis. Biznis lan ap grandi, mwen vann pa bokal tou kounya e m gen moun ki fe livrezon pou mwen”, se konsa li te rakonte eksperyans li pandan seminè a, ak yon souri ki te sifi pou montre satisfaksyon li.
Men, plis pase sa, se te yon lòt eksperyans ki dekonstui anpil bagay. Pou li, antreprenarya pa t yon afè gwo mwayen, se pito genyen kapasite pou ou wè yon opòtinite epi aji sou li ak sa ou genyen nan men w.
Se pa t Christelle sèlman ki te fè dekouvèt sa. Menmsi yon lòt patisipan nan kowòt la te chwazi yon chemen diferan, lide a rete menm. Jeferson te toujou enterese ak dekorasyon. Olye li vann yon pwodwi, li te deside ofri yon sèvis.
“Mwen voye yon zanmi m suiv yon seminè epi nou tou lanse antrepriz nou”.

Pou li, valè egzèsis la pa t sèlman nan lajan ki te fèt la. Se te leson ki te dèyè li a: “Sa aprann nou sòti nan zòn konfò nou. Fè yon bagay nou pa t ap janm panse fè. Nou aprann, si nou ap tann nou genyen tout bagay pou n kòmanse, nou ka pa janm kòmanse”
E petèt se yonn nan pi gwo leson seminè sa: Antreprenarya pa toujou kòmanse ak yon gwo envestisman. Li pa toujou kòmanse ak yon plan tou trase nonplis. Souvan, li kòmanse ak yon kesyon senp: ki pwoblèm mwen ka rezoud ak sa mwen genyen jodi a?
Pou anpil Patisipan pwogram Angaje 2026, repons kesyon sa te chanje fason yo wè biznis.
“Mèsi pou boustè sa, li vo plis pase lò”, se konsa Myrlène te remesye coach li ki te lanse defi sa, ki alabaz tout bagay.
Paske pafwa, sa ki separe yon lide ak yon biznis, se pa kantite lajan ou genyen, men se yon senp desizyon. Desizyon pou eseye. E sa, se egzakteman leson defi sa kite pou patisipan yo.
Nan videyo sa yo, ou kapab dekouvri plis sou kijan mesye dam yo te rive reyisi defi sa :
https://youtu.be/j9ZJ_2osEzM ,
https://youtu.be/AefHZhOn-z8
Ketsia Sara DESPEIGNES
