Skip to content

CLE HAITI

Home » Èske gen yon bon moman pou ou kòmanse ?

Èske gen yon bon moman pou ou kòmanse ?

Èske gen yon bon moman pou ou kòmanse ?“ Sa twò anbisye… Èske se vrèman bon moman an pou w kòmanse? Èske nou gen mwayen pou sa ? “
Souvan nan lavi, nou dwe chwa ant kontinye gade difikilte ki nan mitan nou yo pandan w ap sere tèt ou oswa deside vin konstwi pou bati yon solisyon dirab.
Istwa mwen pral rankonte nou la, se istwa 20 jèn fanm ak gason ki te met ansanm malgre resous yo te mèg pou yo te kreye yonn nan pi gwo koperativ k ap bay sèvis nan Pòdpè : AMII PROGRÈS

Lè lide AMII PROGRÈS te jèmen nan lespri nou, se pa te jis yon senp lide sou papye. Se te yon repons ak yon konsta klè nou tout ap fè chak jou : jenès nou an chaje potansyèl, men li souvan manke espas, zouti ak yon akonpayman serye pou transfòme potansyèl sa a an reyisit. Mwen sonje ankò premye diskisyon yo.
Men verite a se, pa janm gen yon “moman pafè” pou w bati yon gwo bagay. Gen sèlman volonte pou w fè premye pa a ak sa w gen nan men w. Nan ka pa nou, nan moman sa nou sèlman te genyen konviksyon, disiplin, ak yon vizyon an ki klè pou kominote nou an.


AMII PROGRÈS pa t fèt nan gwo abondans, li te fèt nan yon ijans : ijans pou n pwouve ak disiplin, fòmasyon epi vrè kilti lidèchip, jèn lakay nou yo ka itilize nenpòt ki defi pou kreye pwòp opòtinite pa yo. Jou sa , nou te pran yon angajman kote chak semèn nou chak ap pote 150 Goud pou kòmanse ak vizyon sa. Nou pa t tann bagay yo chanje poukont yo, men nou vin moun k ap kreye chanjman an.


Lè w gen yon gwo vizyon, premye lènmi w se ou menm menm ak mank mwayen ki pote perèz pou w pa kòmanse paske tout bagay poko pafè. Aprè nou te fin pran desizyon pou n lanse AMII PROGRÈS nan mwa jwen 2024, reyalite a te vin tape n sou zepòl. Nou pa t gen gwo biwo modèn, nou pa t gen gwo bidjè, ni gwo materyèl. Men nou te gen yon bagay ki te pi fò pase tout sa : yon konviksyon enbranlab ak yon swaf pou n sèvi.


Mwen sonje premye reyinyon yo, premye dokiman nou t ap reponn ak men, ak tout ti detay nou t ap planifye ak anpil swen. Gen moun ki t ap gade nou epi ki t ap mande tèt yo ki kote nou prale ak ti mwayen sa yo. Men sa ki te grave nan lespri nou depi jou sa a : Ou pa bezwen gen tout bagay pou w konmanse ; ou jis bezwen kònmanse ak sa w genyen an pou w ka rive kote w vle ale a. Epi sou senk mwa nou kòmanse prete jèn ak lòt moun nan kominote a lajan pou yo agrandi ti biznis yo, se te vrèman yon kè kontan pou nou tout paske poul la kòmanse ap fè ze. Lè w kwè nan Bondye ou gen disiplin epi w mete rasyonèl ak rigè nan sa w ap fè, ti mwayen ki nan men w yo ka kòmanse miltipliye. Pasyon nou te genyen an te pi gran pase tout obstak materyèl ki te kanpe devan nou. Nou te deside fè premye pa a, menm si wout la te parèt long.


Jodi a, lè n gade dèyè, nou konprann ke se pa gwo mwayen yo ki fè gwo pwojè, se pito gwo konviksyon ak konsistans moun ki dèyè pwojè yo. Nan mwa jiyè 2026 la nou fè bilan AMII PROGRÈS e nou genyen plis pase 250 000 G. Ki donk chak moun ki deside bati yon bagay ki gen valè konnen sa : wout la pa janm yon granchemen ki swa. Gen yon moman kote kè kontan yo ap disparèt, epi reyalite eprèv yo ap toujou kanpe devan w. Ebyen moman eprèv sa a te rive pou AMII PROGRÈS tou. N ap sonje yon moman kote nou te gen yon gwo pwojè pou n te reyalize, men obstak yo te tonbe sou nou an menm tan : pafwa se te pwoblèm lojistik, mank resous nan dènye minit, oswa difikilte ki te sanble ap di nou : « Ban nou vag, sa ap twò difisil. » Anpil nan moun ki nan pwojè te kòmanse ap doute. Nan moman sa yo, dekourajman konn ap pale byen fò nan zòrèy nou. Men se egzakteman nan moman sa yo tou n ap konprann sa ki rele lidèchip ak rezilyans. Pami tout opsyon nou te genyen yo, abandone pa te nan lis la. Nou te chita ansanm, nou te analize pwoblèm yo avèk rigè, epi nou te chèche solisyon olye n te rete bloke sou difikilte yo. Nou te travay pi di, nou te ajiste strateji nou, epi nou te sipòte yonn lòt tankou yon sèl fanmi. Lè n te fin franchi baryè sa, nou te vin konprann yon bagay ki enpòtan anpil : Obstak yo pa la pou yo rete w, yo la pou yo teste si vizyon w lan gen rasin djanm.


Chak defi nou te reyalize epi franchi te vin fè AMII PROGRÈS pi fò, pi byen òganize, epi pi djanm nan mas la. Lè w ap travay ak anpil sakrifis, gen yon moman kote rekonpans lan pa soti nan lajan oswa nan gwo applodisman, li soti nan sa : lè w wè lavi yon moun kòmanse chanje. Aprè tout jefò, tout lannwit san dòmi, ak tout obstak nou te franchi yo, pi bèl moman nan istwa AMII PROGRÈS se lè nou te kòmanse wè premye fwi yo sou teren an. Mwen pap janm bliye je premye jèn sa yo ki te vin swiv fòmasyon ak nou yo. Moun ki te antre ak anpil dout, ki pa t kwè nan pwòp potansyèl yo, oswa ki t ap chèche yon oryentasyon ki klè pou lavi yo. Aprè kèk semèn disiplin, travay ak akonpayman : Nou wè moun sa yo ap pran lapawòl ak anpil asirans epi yo vin gen pi gwo anbisyon. Nou wè jèn ki kòmanse monte pwojè pa yo, k ap devlope lidèchip yo, epi k ap vin yon sous enspirasyon pou lòt moun nan kominote a.


Nan moman sa, nou te di tèt nou : « Wi, tout sakrifis yo te vo lapenn. » Wè yon jèn ki reprann konfyans nan tèt li, ki konprann li gen kapasite pou l reyisi epi sèvi peyi l ak kominote l, se pi gwo viktwa AMII PROGRÈS. Se sa ki ba nou enèji chak jou pou n kontinye avanse san gade dèyè. Lè nou gade tout wout nou pase deja depi nan premye lide a rive jodi a, gen yon bagay nou konprann ak anpil imilite : istwa AMII PROGRÈS pa fini, li fenk kòmanse. Sa ki te kòmanse tankou yon senp repons ak yon bezwen nan kominote nou an vin tounen yon gwo mouvman fòmasyon, lidèchip, ak antreprenarya sosyal. Men sa ki pi bèl la, sèke chak nivo nou franchi ouvè pòt pou yon nouvo etap ki pi gwo toujou. Paske vizyon nou se ouvri yon mikrofinans pou kominote a. Nou pa kreye AMII PROGRÈS pou n fè yon sèl pa epi n rete la. Nou kreye l pou n bati yon platfòm kote chak jèn ki gen yon vizyon, ki swaf fòmasyon ak rigè, ka jwenn espas pou l grandi, pou l devlope potansyèl li, epi pou l vin yon aktè chanjman nan sosyete a. Jodi a, mesaj nou an pou ou senp : Lide pwojè w la, anbisyon w lan, ak lavni kominote nou an bezwen angajman w.


Nou te fè premye pa a, simonte premye gwo difikilte yo epi nou pwouve ke se posib. Kounye a, se moman pa w pou w rantre nan dinamik la. Swit istwa sa a pap ekri san ou. Eksperyans la ap kontinye. Èske w pare pou w vin pwochen vizyonè ki ap make diferans lan ? Men sa ou dwe konnen : se pou w koupe mòn lan an plizyè ti mach, pè pou w kòmanse a soti souvan nan fason w ap gade tèt mòn lan olye w gade premye mèt ki devan w lan. Lè pwojè a parèt twò gwo, lespri a panike epi l bloke w. Franchman tande sa : pa chèche fè tout bagay menm jou a. Poze tèt ou yon sèl ti kesyon : « Ki pi piti aksyon mwen ka fè jodi a nan 15 minit pou m pwoche pi pre objektif mwen an ? » (Kreye yon paj, ekri yon ti paragraf, oswa fè yon kout fil). Depi w fè premye ti pa sa a, laperèz la ap diminye epi dinamik la ap monte. Dezyèman, pajanm chèche pèfeksyon pou w kòmanse chèche pwogrè pito. Youn nan pi gwo rezon ki fè moun pè, se paske yo vle pou tout bagay pafè anvan yo lanse yo (yo vle gen pi bon materyèl, pi gwo bidjè, oswa tann bon moman an). Men, lè w ap tann tout bagay pafè, se asire w ap asire w ou pap janm kòmanse. Aksepte kòmanse piti epi ranje sa k pou ranje yo pandan w sou wout la. Se sou teren an w ap aprann epi w ap vin pi bon, se pa nan tèt ou ni nan kaye ou. Konprann sa : « pito w fè l epi w ajiste l, pase pou w pa janm fè l paske w ap tann li pafè. »


Pou fini, Chanje fason w gade echèk (Gade l tankou yon leson, pa tankou yon pinisyon. Laperèz pou w kòmanse a se preske toujou laperèz pou w pa echwe oswa laperèz pou sa moun ap di. Nou pè pou n pa twompe n, pou n pa pèdi tan, oswa pou yo pa jije n. Fè yon erè se pa lekontrè de reyisit ; se yon etap ki obligatwa pou w rive nan reyisit la. Chak ti erè ou fè nan kòmansman se yon leson gratis ki rann ou pi fò, ki ba w plis eksperyans, epi ki fè w vin pi kredib. Pa reyalize yon bagay nan premye kou a se pa yon wont, se prèv ki montre ou te gen kouray pou w te eseye.

Hans Karlency JULES

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
1

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

CLE HAITI
Privacy Overview

This website uses cookies so that we can provide you with the best user experience possible. Cookie information is stored in your browser and performs functions such as recognising you when you return to our website and helping our team to understand which sections of the website you find most interesting and useful.