Skip to content

CLE HAITI

Home » Devwa fiskal ak devlopman peyi a : poukisa li enpòtan pou antreprenè yo konprann wòl yo?

Devwa fiskal ak devlopman peyi a : poukisa li enpòtan pou antreprenè yo konprann wòl yo?

Lè n ap pale de devlopman peyi a, nou souvan mete aksan sou sa Leta, enstitisyon oswa gwo òganizasyon yo dwe fè. Men devlopman yon peyi depann tou de fason chak sitwayen pran responsabilite li epi patisipe nan lavi ekonomik ak sosyal peyi a.

Nan ka antreprenè yo, youn nan responsablite yo genyen, se respekte obligasyon fiskal ki mache ak aktivite yo. Pou sa, yo bezwen konprann kisa sa vle di ak etap ki merite suiv yo paske fiskalite pa sèlman yon kesyon papye, deklarasyon oswa pèman, li fè pati relasyon ki egziste ant aktivite ekonomik yo ak sosyete a. Sa ki vle di, li kapab patisipe nan devlopman ekonomik peyi a. 

Konprann pou aji

Lè yon antreprenè konprann devwa fiskal li, li pi byen konprann tou plas aktivite li nan ekonomi peyi a ak kontribisyon li kapab pote nan devlopman kolektif la. Pou anpil jèn k ap antre nan antreprenarya, kesyon fiskalite a kapab parèt konplike. Ki obligasyon yon antreprenè genyen? Ki pwosedi li dwe suiv? Ki dokiman li bezwen? Ki kontribisyon ki konsène aktivite li? Kesyon sa yo merite anpil atansyon, paske li difisil pou yon moun respekte yon obligasyon li pa konprann. 

Responsablite sa pa sèlman konsène antreprenè yo. Li enpòtan tou pou tout sitwayen devlope yon pi bon konpreyansyon sou fason sistèm fiskal la fonksyone, sou itilite kontribisyon yo ak sou wòl chak aktè nan ekonomi an.

PodCLE, Podcast CLE ki ap soti pou mwa septanm nan ap louvri konvèsasyon an

Pou pote refleksyon sa pi pre jèn antreprenè yo, epizòd 16 PodCLE a ap konsakre sou yon sijè ki touche dirèkteman lavi antreprenè yo:

« Fiskalite : konprann obligasyon fiskal yo epi kontribiye nan devlopman ekonomik peyi a kòm antreprenè. »

Epizòd sa a ap yon okazyon pou antre nan kesyon fiskalite a yon fason ki pi aksesib, ede antreprenè yo pi byen konprann obligasyon yo epi reflechi sou fason yo kapab kontribye, nan nivo pa yo, nan devlopman ekonomik peyi a.

Paske pou yon antreprenè, kreye yon biznis se pa sèlman yon kesyon pou jwenn opòtinite oswa fè pwofi. Se tou antre nan yon sistèm ekonomik kote desizyon li yo gen konsekans sou tèt li, sou moun k ap travay avèk li yo, sou kliyan li yo ak sou kominote li.

Yon sitwayènte ki kòmanse ak konesans

Patisipasyon nan devlopman peyi a pa toujou mande gwo mwayen. Li kapab kòmanse ak chèche bon enfòmasyon epi aji avèk plis konsyans. Se nan lide sa epizod PodCLE sa ap envite jèn yo reflechi, poze kesyon epi pi byen konprann pi byen. 

Epizòd 16 Podcast la ap disponib sou YouTube ak Spotify nan dènye semèn mwa septanm 2026. Rete branche sou platfòm CLE yo pou ou pa rate piblikasyon sa.

Vizite YouTube ak Spotify nou sou lyen sa yo pou ka dekouvri ou byen reviv tout konvèzasyon pase nou yo: 

Youtube: https://www.youtube.com/watch?v=BuZRXIdweZM&list=PLttBZqDV6swL_XcuwAvBRQ1k6x6q0IcQA
Spotify : https://open.spotify.com/show/2gC1CjypUQ6ZnlEfhj62A6


Ketsia Sara DESPEIGNES

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

CLE HAITI
Privacy Overview

This website uses cookies so that we can provide you with the best user experience possible. Cookie information is stored in your browser and performs functions such as recognising you when you return to our website and helping our team to understand which sections of the website you find most interesting and useful.