“Lè yo pran konsyans epi yo leve kanpe, yo kapab fè gwo fòs lopresyon tonbe yo epi leve drapo libète a”, se ak mo sa yo Nelson Mandela te mete aksan sou kapasite jèn yo genyen pou yo vin yon fòs lè yo deside angaje yo.
Nan yon sosyete, gen anpil bagay ki mande pou moun pa rete ap gade sèlman. Gen pwoblèm nou abitye wè chak jou, sitiyasyon nou fini pa konsidere kòm nòmal, epi gen lòt ki parèt twò gwo pou yon moun ta panse li kapab chanje yo poukont li.
Lajenès gen yon plas enpòtan nan kesyon sa a, paske jèn yo gen enèji, kouraj, kapasite pou pote lide ki kapab chanje fason yon kominote fonksyone. Eksperyans kèk jèn nan lokalite K-Solèy, nan Gonayiv, montre nou sa.
Nan lane 2010 yo, zòn nan te gen yon gwo pwoblèm ak fatra. Yon jèn ki rele Tanisma Denis, te remake zòn lan sal anpil parapò ak lòt zòn ki te alantou l. Konsta a te kapab kanpe la : zòn nan sal, gen fatra, se yon gwo pwoblèm. Men li te chwazi mobilize jèn yo nan zòn nan pou yo reflechi sou sitiyasyon an epi chèche yon fason pou yo aji. Nan twa jou, yo te òganize yon operasyon netwayaj pou pwòpte tou ti rakwen.
Aksyon sa a pa t fèt san difikilte. Kèk moun pa t konprann travay la ni motivasyon jèn yo. Men, malgre sa, yo te rive rasanble moun nan lokalite a bò kote koz sila a.
Istwa sa montre nou pouvwa yon jèn pou obsève yon reyalite, chèche solisyon epi aji. Pafwa, yon kesyon se kòmansman chanjman an : “Gen yon bagay ki pa mache. Kisa nou kapab fè?”
Jèn nan lokalite sa yo pa t kanpe eksperyans sa a, paske yo ta pral retounen rasanble moun pou rekonstui yon pon. Pon sila a te fè lyen ant yon wout moun te itilize anpil e li te efondre afòs itilizasyon. Pandan anviwon twa mwa, sitiyasyon sa te lakoz gwo blokaj pou zòn nan paske li te prèske enposib pou moun sikile.
Fas ak sitiyasyon sa, jèn yo te poze kesyon, chèche konnen kijan sitiyasyon an te kapab rezoud epi ale kote moun pou pale avèk yo sou nesesite pou rekonstwi pon an. Pafwa, yo te oblije ale, tounen, pale ankò ak diferan moun. Gen moun ki te doute de demach la, gen lòt ki te menm panse yo t ap mande kòb moun yo pou yo al regle pwòp zafè pa yo. Sa vle di, pou rive nan reparasyon pon an, te gen lòt travay ki te dwe fèt anvan, tankou, louvri je moun sou pwoblèm nan epi fè yo konprann poukisa solisyon an te enpòtan pou tout kominote a.
Finalman, yo rive touche yon majorite moun nan lokalite a, rasanble kotizasyon epi monte yon ekip volontè ki gen konpetans pou rekonstui pon sila.
Menmsi tout moun tonbe dakò lè yo anfas rezilta yo, angajman pa toujou fasil. Li mande pou moun aksepte pran responsabilite, travay ak lòt moun, tande opinyon ki diferan, konvenk moun ki pa dakò, jwenn resous, fè fas ak dout epi pafwa tann anpil tan pou wè rezilta yo.
Dèyè chak rezilta yon kominote rive jwenn, souvan gen anpil bagay moun pa wè. Gen moun ki te obsève, moun ki te aksepte pran inisyativ, moun ki te bay tan yo, resous yo ak enèji yo. Epi gen moun ki te kontinye kwè epi malgre difikilte.
Michano Fontiche
Ketsia Sara Despeignes

