Skip to content

CLE HAITI

Home » « Lanse Biznis Ou », Kòmanse piti pou kreye plis opòtinite

« Lanse Biznis Ou », Kòmanse piti pou kreye plis opòtinite

Panse ak yon defi. Yon defi ki pa sèlman mande pou w aprann, men ki pouse w aji, sèvi ak sa w genyen epi mete yon lide an pratik. Se nan lespri sa « Lanse Biznis Ou » te rantre nan lavi Samantha Rodia L., yon jèn fanm ki t ap pote anpil anbisyon, men ki te bezwen yon ti kout pouse pou l te fè premye pa l yo.

« Lanse Biznis Ou » se yon inisyativ CLE te mete sou pye pou ankouraje jèn yo soti nan zòn konfò yo, pran inisyativ epi wè antreprenarya yon lòt jan. Li chache demistifye koze fè biznis la nan lespri yo, lè l montre yo pa nesesèman bezwen gwo mwayen pou yo kòmanse, men yo ka aprann sèvi ak sa yo genyen deja pou mete lide yo an aksyon.

Samantha se yon jèn fanm ki sòti nan komin Mafran, nan kè depatman Grandans. Jodi a, nou kapab konsidere li tankou yon senbòl detèminasyon ak lidèchip kominotè. Samantha se yon enfimyè ki gen lisans li epi ki gen yon diplòm nan jesyon antrepriz. Li te toujou gen yon gwo pasyon pou devlopman. Poutan, malgre tout konesans teyorik ak anbisyon l yo, te gen yon obstak ki pa t vizib ki t ap frennen elan l : pwokrastinasyon. Menm jan ak anpil lòt jèn ki gen talan, Samantha te konn ap ranvwaye pwojè l yo pou demen.

Patisipasyon nan « Lanse Biznis Ou » a te make yon viraj enpòtan nan pakou Samantha. Pwogram sa a pa t sèlman pote teyori pou li; li te ba li tou yon disiplin ki strik ak yon bon planifikasyon. Gras ak eksperyans sa a, li te rive konprann yon leson ki fondamantal: biznis pa bezwen gwo kapital pou l eksprime tèt li, li sèlman mande pou moun lan kòmanse ak sa l gen nan men l.

Li te gen sèlman 500 goud nan men l lè li te chwazi poze aksyon. Li te envesti ti kòb sa a nan fabrikasyon ak vant pwodwi lokal moun renmen anpil: chips ak pèpèt mayi. Rezilta a pa t pran tan pou l te parèt: apre vant pwodwi l yo, kapital li te rive 850 goud. Premye viktwa finansyè sa a, menm si l ka parèt piti nan je moun, pwouve lè yon ti kòb byen jere, li ka fè yon gwo diferans.

Yon sèl leson, plizyè fason pou kòmanse

Samantha pa t sèl patisipan ki te aprann leson sila a. Jeff-Frandy tou, te kòmanse defi a ak 1 000 goud, e nan fen eksperyans lan, li te rive fè 1 500 goud benefis. Lè li gade rezilta sa, li deklare  : « Leson mwen tire, lajan pa pi gwo baryè pou yon moun demare oubyen devlope yon lide biznis. »

Luckson li menm, li te kòmanse defi a san lajan. Li te chwazi kòmanse ak kliyan yo pito. Li te pran tan pou pale ak yo, chèche konnen sa ki enterese yo, ale chèche pwodwi yo pote pou yo.

Gras ak apwòch sa a, anvan fen defi a, li lanse biznis li ki espesyalize nan vann rad. Eksperyans sa montre yon lide biznis pa toujou bezwen kòmanse ak yon kapital finansye. Li ka kòmanse tou, ak kapasite pou koute moun epi chèche yon fason pou reponn ak bezwen yo.

Eksperyans sa yo diferan, men yo yo chak montre nan fason pa yo premye resous yon moun genyen pa toujou oblije lajan. Pou kèk moun, li kapab konpetans. Pou kèk lòt, se kapab yon kontak oswa yon lide. Se te sa menm, lide defi sa :  chanje fason nou konsidere resous yo, gade kisa ki kapab fèt ak sa ki la deja

Samantha pa t sèl patisipan ki te aprann leson sila a. Jeff-Frandy tou te kòmanse defi a ak 1 000 goud, e nan fen eksperyans lan, li te rive fè 1 500 goud benefis. Lè li gade rezilta sa, li deklare : « Leson mwen tire, lajan pa pi gwo baryè pou yon moun demare oubyen devlope yon lide biznis. »

Luckson li menm, li te kòmanse defi a san lajan. Li te chwazi kòmanse ak kliyan yo pito. Li te pran tan pou pale ak yo, chèche konnen sa ki enterese yo, epi ale chèche pwodwi pou pote ba yo. Gras ak apwòch sa a, anvan fen defi a, li lanse biznis li ki espesyalize nan vann rad. Eksperyans sa montre yon lide biznis pa toujou bezwen kòmanse ak yon kapital finansye. Li ka kòmanse tou ak kapasite pou koute moun epi chèche yon fason pou reponn ak bezwen yo.

Istwa sa yo diferan, men yo chak montre, nan fason pa yo, premye resous yon moun genyen pa toujou oblije lajan. Pou kèk moun, li kapab yon konpetans; pou kèk lòt, yon kontak, yon lide oswa kapasite pou konprann bezwen yon kliyan. Se te sa menm, youn nan objektif defi a : chanje fason patisipan yo konsidere resous yo epi ede yo gade kisa ki kapab fèt ak sa ki la deja.

« Se youn nan pi bèl eksperyans mwen pou ane a, li retire pè kòmanse piti lakay mwen. M pa sispann grandi epi ogmante kapasite biznis mwen. ». Se sa Evens, yon patisipan nan defi sa di sou eksperyans sa. Bò kote pa l, Castra mete aksan sou yon lòt aspè ki se enpòtans pou teste, koute kliyan yo epi ajiste. Li kontinye pou l di : « Pi gwo leson an se ke kòmanse piti pi bon pase tann pou gen anpil lajan. »

Yon mesaj enspirasyon pou tout jèn yo

Samantha Rodia L. voye yon mesaj pou tout jèn nan peyi Ayiti k ap ezite fè premye pa a : « Pa gade dènye nivo antrepriz nou an vle rive a, kòmanse ak ti kras sa nou genyen an, kote nou ye a. Gen lespri kreyatif epi sèvi ak resous ki nan zòn nou an. » Mesaj sila a rezime leson anpil patisipan yo tire nan eksperyans lan.

Men, kòmanse ak sa nou genyen an pa vle di rete nan sa nou genyen an. Premye eksperyans yo kapab pèmèt yon moun teste yon lide, aprann, fè ajisteman epi kontinye devlope aktivite li. Paske, vrè objektif la se grandi, grandi, kreye plis opòtinite epi enspire lòt moun.

Hans Karlency JULES

😀
0
😍
0
😢
0
🌟
0
🎉
0
🙌
0

1 thought on “« Lanse Biznis Ou », Kòmanse piti pou kreye plis opòtinite”

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

CLE HAITI
Privacy Overview

This website uses cookies so that we can provide you with the best user experience possible. Cookie information is stored in your browser and performs functions such as recognising you when you return to our website and helping our team to understand which sections of the website you find most interesting and useful.