Pa gen sosyete ki kapab evolye san li pa konnen istwa li. Istwa mete moun yo an kontak ak sa ki te pase anvan yo, pou yo kapab konprann sa ki fòs yo kòm pèp. Lè n ap pale de istwa Ayiti, Batay Vètyè a okipe yon plas enpòtan nan memwa kolektif nou. Depi nou tande mo Vètyè, gen kèk non ki pap manke vin nan lespri nou: Capois Lanmò, Jean Jacques Dessalines, Marie-Jeanne ak lòt ewo endepandans yo. Non sa yo make istwa nou, men èske se yo sèlman ki te fè Vètyè?
Batay ki te dewoule 18 novanm 1803 a, nan vil Okap, anvan endepandans peyi a, pa t travay kèk moun sèlman. Se te yon konba kote tout yon lame te mobilize pou fè fas ak twoup fransè yo. Avèk mwayen yo te genyen, men ak yon detèminasyon san parèy, konbatan sa yo te goumen pou yon menm objektif: viv lib oswa mouri. Gen nan non yo nou konsève, gen lòt non ki pa rive jwenn nou. Men, èske sa vle di moun listwa pa t site yo te mwens angaje?
Èske senk oswa dis non nou sonje yo te kapab genyen Batay Vètyè a poukont yo?
Kesyon sa yo raple nou Vètyè se yon batay kolektif. Se kontribisyon tout yon lame, ak divès moun ki te pran pozisyon kont sistèm opresyon an, ki te pèmèt viktwa sa a posib. Batay Vètyè a vin tounen yon senbòl inyon, solidarite ak detèminasyon yon pèp ki te refize rete anba esklavaj.
Se nan sans sa a Vètyè depase evènman istorik li reprezante a. Li fè nou sonje gwo chanjman pa toujou soti nan aksyon moun listwa mete devan yo sèlman. Gen anpil lòt moun ki kontribye nan batay la, ki pran menm risk ak ewo nou konnen yo, ki pran menm angajman yo, men ki pa nesesèman jwenn plas yo nan memwa nou. Absans non yo pa efase kontribisyon yo.
Pale de Vètyè jodi a, se pa sèlman sonje ewo yo, se rekonèt tou, fòs yon angajman kolektif, epi konprann okenn batay ki mennen nan chanjman pa ka redui ak kèk figi sèlman. Nan deviz nou kòm pèp , nou gen yon fraz ki rezime lide sa, ki se « L’union fait la force». Nan batay vètyè a linyon se te yon zouti ki te pèmèt lame endijèn nan rive genyen batay la. Paske daprè listwa, lame Napoleeon an se te yon lame ki te pwisan anpil nan epòk la. Men ak linyon nou rive bat lame sila. Mo sa, nan kontèks sila a, te charye anpil valè tankou : solidarite, angajman, detèminasyon, lespri patriyotik…
Se konsa, Batay Vètyè a raple nou fòs yon pèp pa chita sèlman nan kapasite kèk moun pou yo mennen yon batay, men nan volonte chak moun pou yo kontribye nan yon objektif komen. Deviz « L’union fait la force » la pa dwe sèlman yon pawòl ki pèdi nan istwa nou; li pote yon leson sou enpòtans solidarite, angajman ak patisipasyon kolektif. Jodi a, sonje Vètyè se pa sèlman rann omaj ak non listwa konsève yo, men tou rekonèt kontribisyon moun nou pa konnen yo. Paske, dèyè chak gwo viktwa, gen anpil men ki te travay, anpil vwa ki te leve ak anpil moun ki te chwazi angaje yo, menm lè listwa pa sonje non yo.
John-Dewey Michano Fontiche

